Accessibility links

Breaking News

Lajistis Konvoke Ansyen Prezidan Ejypsyen an Hosni Mubarak


Ofisyèl nana Ejypt k ap desann pòtrè ansyen Prezidan Hosni Mubarak nan kabinè yon building nan Cairo
Ofisyèl nana Ejypt k ap desann pòtrè ansyen Prezidan Hosni Mubarak nan kabinè yon building nan Cairo

Nan Ejypt, yon komisè gouvènman an konvoke lidè dechouke a, Hosni Mubarak pou l reponn kesyon sou ansasina manifestan ak detounman fon piblik, nan moman plizyè santèn manifestan reyini sou plas Tahrir la, nan vil Lekèr, pou yo egzije otorite yo trennen ansyen lidè a devan lajistis.

Daprè yon deklarasyon komisè gouvènman an fè, yo konnvoke msye Mubarak ak 2 pitit gason ni, Gamal ak Alaa, nan kad ankèt lajistis ap menen sou koripsyon.

Anons sa a fèt aprè lidè dechouke a te demanti akizasyon ki tonbe sou do l kòmkwa I te mele nan zak koripsyon.

Men, nan premye diskou ansyen lidè a pwononse depi manifestan yo te fòse l kite pouvwa a nan mwa fevriye pase a, li di akizasyon sa yo san fondman.

Nan diskou sa a ki pase sou chèn televizyon Al-Arabiya dimanch 10 avril 2011 la, misye Mubarack di li vle kenbe dwa legal li pou l defann repitasyon n ak repitasyon fanmiy ni.

Li ajoute li vle kowopere ak otorite k ap mennen ankèt sou byen li posede e li pa gen okèn kont-an-bank ni gwo propriyete aletranje.

XS
SM
MD
LG