Accessibility links

Breaking News

Kout Je Sou Lit Kont Grangou Nan Lemond


Apre gwo wòs yo te anrejistre nan pri manje atravè lemond avèk seri pwotestasyon kont lafen sa te pwovoke nan kèk peyi nan lane 2008, ni peyi devlope, ni peyi ki sou wout devlopman te pran angajman pou yo apiye sektè agrikòl la. Nan mitan mwa Septanm 2010 la, ajans LONU ki travay nan domèn nan te pibliye kèk nouvo chif sou jan sitiyasyon an prezante jounen jodiya nan lemond, e sa ka ede nou evalye pwogrè ki fèt gras ak angajman peyi yo te pran yo.

Lè pri manje te monte disèt wòtè an 2008, lemond te deja an reta nan efò peyi yo ap fè pou yo reyalize pwogram ki rele « Objektif Devlopman pou Milinè a », sètadi rive bese de mwatye nivo grangou sou latè anvan lane 2015. Konsekans kriz pri manje sa a te fè yon sitiyasyon ki te déjà grav vin pi mal toujou. An tou ka, se opinyon Garry Smith, kowòdonatè repons FOA (Pwogram Alimantè Mondyal) pou kriz manje a. Misye Smith pale pou l di –nap site:

“Le fèt ke nou ajoute plis pase 150 milyon moun sou kantite kretyen vivan k ap viv nan lamizè sou latè, se yon veritab desas… "

Kèk nan faktè ki fè pri manje te monte wo konsa, se rezèv manje ki te bese rive nan yon nivo ba li pat atenn souvan, konpetisyon ki sòti nan pwodiksyon gaz ki pwoteje lanati e ki p a bay polisyon, mete sou enfliyans kèk sektè sou mache ki satisfè bezwen alimantè yo pou yo ofri lòt kalte pwodui.

Sepandan te genyen yon lòt eleman ki te jwe yon wòl enpòtan nan sitiyasyon an, daprè Gawain Kripke, direktè administratif gwoup militan Oxfam America. Misye Kripke di –nap site :

«Pandan 3 dizèn dane ki pase yo, donatè entènasyonal ki ofri asistans pou peyi ki sou wout devlopman yo, pa sispann koupe sou èd yap bay sektè agrikòl la. »

Daprè direktè administratif Oxfam America toujou, asistans sektè agrikòl la ap resevwa –ki te anviwon 17 pou san tout bidjè asistans entènasyonal la sa gen 30 tan-- te sibi yon bès ki te fè l desann rive mwens ke 5 pou san anvan kriz manje a te pete…

XS
SM
MD
LG