Accessibility links

Breaking News

Kòt Ès Lèzetazini ap Pare pou Arive Siklòn Irèn


Imaj satelit Siklòn Irèn
Imaj satelit Siklòn Irèn

Ozetazini, otorite ak popilasyon divès eta ap pare pou siklòn Irèn ki genyen anpil fòs e k ap avanse sou y eta ki bay sou Oseyan Atlantik la.

Gouvènè Eta Kawolin di Nò, Vijini, Maryland, Delaware, New Jersey ak New York deklare yon eta dijans yon fason pou otorite yo mobilize tout resous pandan y ap prepare yo pou arive siklòn nan.

Dapre previzyon meteo, Irèn kapab rive sou kòt Kawolin di Nò samdi 27 out la. Prezidan Barack Obama deklare yon eta dijans pou eta a, sa vle di Kawolin di Nò gen dwa resevwa asistans gouvènman federal la pou dega siklòn nan ka koze.

Pòtpawòl Lakwa Wouj Amerikèn nan, Chris Osborn, espere siklòn nan va fè mwens dega ak mwens vikitim posib; men li presize responsab yo ap prepare pou senaryo ki ta pi grav la e yo deja pran dispozisyon pou yo pote sekou bay popilasyon nenpòt rejyon ki ta afekte.

Misye Osborn di "Youn nan bon bagay nan siklò sa a, sè ke se yon sistèm k ap deplase dousman. Kidonk, nou gen tan pou nou prepare nou, pou n pre-pozisyone moun ak materyèl nan zòn kote nou dwe mete moun ak materyèl. N ap rete sou plas jiskaske nou fin fè travay la kòmsadwa."

Siklòn Irèn te touye omwen yon moun nan Pòto Riko ak 2 lòt nan Repiblik Dominikèn.

XS
SM
MD
LG