Accessibility links

Breaking News

Kot-Divwa: Laurent Gbagbo Kwense


Fanatik Ouattara yo nan Kot Divwa
Fanatik Ouattara yo nan Kot Divwa

Nan Kot Divwa, fôs ki fidèl ak Alassane Outtara, ki jwenn rekonesans kòm prezidan konstitisyonèl peyi a, antoure rezidans prezodan sòtan an, Laurent Gbagbo, nan kapital la, Abidjan, men pa gen mwayen pou moun konfime si wi ou non misye Gbagbo twouve l anndan kay la.

Echanj gwo kout-zam fèt nan zòn kote mise Gbagbo abite a, aprè fòs k ap defann rival li a te jwenn mwayen antre nan vil la san yo pat rankontre twòp rezistans. Byen ta nan jounen jedi 31 mas 2011 la, televizyon leta a te sispann travay.

Misye Ouattara fè konnen li lè, li tan pou tout twoup gouvènmantal yo pote-kole avèk li pou yo batay pou peyi a ---daprè li, l ap pale tou de militè ki fidèl anvè misye Gbagbo yo.

Lèzetazini, Nasyonzini, Lafrans (ki se ansyen puisans kolonyal nan Kot Divwa) ansanm ak ofisyèl ki nan gouvènman misye Ouattara fòme a, lanse apèl bay Laurent Gbagbo pou mande misye bay demisyon n.

Misye Gbagbo ap reziste anba presyon pou l kite pouvwa-a depi Komisyon Elektoral la te deklare Misye Ouattara gayan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan mwa novanm ane pase a.

Nouvèl ofisyèl ki sòti nan Afrik di Sid fè konnen kòmandan lame ivwaryèn nan ak tout manm fanmi n pran refij nan rezidans anbasadè sid afriken an nan Abidjan. Fòs mentyen-lapè Nasyonzini yo pran kontwòl ayewopò entènasyonal kapital la, tandiske Lafrans fè konnen «casque bleus » li yo ap fè patouy nan kèk zòn kote moun tap fè piyaj ak dechoukaj nan Abidjan.

XS
SM
MD
LG