Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Resevwa Jedi Maten 3 Prizonye Ameriken Kore di Nò Libere

Prezidan Donald Trump (nan mitan) ki t ap mache ansanm ak ansyen prizonye yo: Tony Kim (agoch), Kim Hak-song (2èm agoch) ak Kim Dong-chul (adwat) apre yo te debake nan Baz Militè Andrews la nan Eta Maryland, Etazini, nan douvanjou jounen jedi 10 me 2018 la. Otorite yo nan Kore di Nò te lage yo mèkredi 9 me a. (Foto: AFP / SAUL LOEB).

Prezidan Trump resevwa pèsonèlman nan baz militè Andrews, Maryland, 3 ansyen prizonye ameriken Kore di Nò libere mèkredi 9 me a. 3 mesye yo (Tony Kim, Kim Hak Song ak Kim Dong Chul) debake nan èpòt la jedi vè 3 zè AM. Prezidan an, madanm li ak Vis Prezidan an te la pou akeyi yo.

Apre Prezidan Trump te pale briyèvman ak 3 mesye yo, li deklare: "Nou rekòmanse kontak yo sou yon fòm ak Kore di Nò. Sa gen 10 zan, 5 kan, e menm 1 nan, moun pa ta janm kwè sa te ka rive. Mwen si e sèten Kim vle fè yon bagay pou l pèmèt Kore di Nò retounen nan mond reyèl la."

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, te prezan tou nan ayewopò Andrews la sou yon distans 25 kilomèt ak Washington. Otorite yo nan Pyongyang te lage 3 prizonye yo mèkredi yon ti tan apre M. Pompeo te fè yon rankont 90 minit avèk lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un.

Prezidan Donald Trump ki t ap resevwa ansyen prizonye yo nan Baz Militè Andrews la, nan Eta Maryland, tou prè Washington. De goch a dwat: Tony Kim, Kim Hak Song ak Kim Dong Chul.
Prezidan Donald Trump ki t ap resevwa ansyen prizonye yo nan Baz Militè Andrews la, nan Eta Maryland, tou prè Washington. De goch a dwat: Tony Kim, Kim Hak Song ak Kim Dong Chul.

Prezidan Trump, ki abitye fè blag, te pwofite moman an pou l eseye deride asistans la lè li di "ayewopò a bat yon rekò pou lè endiyn (3 zè di maten) laprès te oblije reponn prezan pou l kouvri evennman, yon evennman ki ogmante to popillarite televizyon yo nan mitan nuit la."

Sekretè Deta Mike Pompeo -ki te akonpaye 3 prizonye yo nan yon vòl 20 èdtan ki te sòti nan Kore di Nò pou ale nan Eta Alaska- te ale Pyongyang pou l prepare yon rankont ki fikse pou anvan lontan ant M. Trump ak lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un -rankont ki ka dewoule nan Sengapour.

XS
SM
MD
LG