Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pran Sanksyon kont Kore di Nò pou Vyolasyon Règleman sou Transfè Lajan


Lidè nò-koreyen an Kim Jong Un, ak Li Zghanshu, prezidan komite direktè Kongrè Nasyonal Pèp la nan Lachin.
Lidè nò-koreyen an Kim Jong Un, ak Li Zghanshu, prezidan komite direktè Kongrè Nasyonal Pèp la nan Lachin.

Lezetazini enpoze sanksyon sou 2 konpayi enfòmasyon elektwonik Kore di Nò ki anba kontwòl gouvènman an e k ap opere nan peyi Larisi ak Lachin. Washington akize konpayi sa yo deske ko vyole rezolisyon ki entèdi transfè lajan nan Kore di Nò.

Minis Trezò ameriken an, Steve Mnuchin -ki t ap pale sou desizyon an jedi 13 septanm nan - fè konnen: << Objektif aksyon sa yo se bloke flo-lajan ilegal ki pral jwenn Kore di Nò yo e ki sòti nan konpayi enfòmasyon teknolojik ki baze aletranje. Konpayi sa yo anplwaye pwofesyonèl ki pa revele vrè idantite yo, ki kache dèyè entrepriz-bidon, ki sèvi ak fo non oubyen ak idantite sitwayen lòt peyi.>>

Minis Trezò Lèzetazini an, Steve Mnuchin.
Minis Trezò Lèzetazini an, Steve Mnuchin.

Depatman Trezò a lonje dwèt sou konpayi Silver Star ki baze nan Lachin, PDG konpayi sa a, Jong Song Hwa, ak konpayi Volasys Silver Star ki baze nan Larisi e ki se yon sikisal konpayi ki nan Lachin nan. Daprè otorite ameriken yo, konpayi sa yo se paravan ki bare aktivite ilegal moun k ap voye lajan bay Kore di Nò.

Lèzetazini pran aksyon sa yo nan moman Washington ap ogmante presyon an sou gouvènman nò-koreyen an nan negosyasyon k ap fèt sou denikleyarizasyon Preskil Kore a.

XS
SM
MD
LG