Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Nò Lanse yon Misil Balistik


This picture taken on January 5,2022 and released from North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on January 6 shows what North Korea
This picture taken on January 5,2022 and released from North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on January 6 shows what North Korea

Kore di Nò lanse sak sanble yon misil balistik senp depi yon zòn ki tou pre kot lès peyi a dapre chèf deta majò fòs lame Kore di Sid la. Gad Kòt nan peyi Japon konstate menm bagay la.

Premye Minis Japonè a Fumio Kishida di jounalis yo Mèkredi lansman yo regretab.

Li di nou kwè li vreman regretab ke Kore di Nò kontinye ap tire misil konsa. gouvènman an vle ranfòse vijilans ak siveyans li plis ke jamè. Nap fé yon analiz dijans ki bay plis detay.

Okenn lòt detay pat disponib sou ki kalite misil yo tire ni ki kote yo te ateri.

Lansman an fèt kek jou sèlman apre diskou lidè Kim Jong Un te fè pou fen ane a kote li konsantre sou pwoblèm ekonomik olye avansman militè.

Sete premye lansman Kore di Nò fè depi mwa Oktòb la lè li te teste yon misil balistik li te lanse depi yon soumaren.

Kore di Nò teste misil balistik kout pòte yo plizyè fwa depi mitan ane 2019, yon ti tan apre negosyasyon nikleyè ant Kim ak ansyen prezidan Donald Trump te echwe.

XS
SM
MD
LG