Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò: Konvansyon Pati Ki Sou Pouvwa a Kòmanse


Kore di Nò: Konvansyon Pati Ki Sou Pouvwa a Kòmanse
Kore di Nò: Konvansyon Pati Ki Sou Pouvwa a Kòmanse

Nan Kore di Nò, medya Leta a fè konnen pati ki sou pouvwa a (Pati Travayè yo) inogire madi 28 septanm 2010 la pi gwo konvansyon li òganize depi 30 tan, kèk èd tan aprè lidè peyi a, Kim Jung Il, te fin nonmen pi jèn pitit gason n nan, Kim Jong Un, kòm jeneral nan lame nò koreyèn nan.

Televizyon Leta a prezante yon pwogram kote li fè konnen se san pèdi tan delege k ap patisipe nan konvansyon an bay Misye Kim Lepèr tit sekretè-jeneral nan kòmansman rankont la k ap dewoule pou chwazi nouvo dirijan Pati a.

Ajans nouvèl Kore di Nò a di yon sè misye Kim, ki rele Kim Kyong Hui, jwenn nominasyon n tou kòm jeneral nan lame peyi a.

XS
SM
MD
LG