Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Dakò pou l Sispann Teste Zam Nikleyè


Desizyon Kore di Nò pou l sispann teste zam nikleyè ak misil balistik ki ka rive lwen yo resevwa yon akèy ak prekosyon sou kontinan Azi a, kote anpil moun nan rejyon an sonje istwa kote gouvènman peyi sa a te fè pwomès konsa ke l pat respekte.

Otorite nan Etazini ak Kore di Nò te anonse devlopman sa a an menm tan e yo fè konnen Pyongyang pral sispann tou lòt aktivite nikleyè, pami yo anrichisman iranyòm. Pandanstan, Etazini fè konnen li pral pouse pou pi devan ak yon plan pou l voye 240 mil tòn metrik asistans manje bay Kore di Nò.

Minis afè etranje japonè a, Koichiro Gemba, fè konnen nan Tokyo, antant la prevwa tou pou enspektè Ajans Entènasyonal Enèji Atomik yo retounen nan Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG