Accessibility links

Breaking News

Konstriksyon 1600 Nouvo Kay nan Jérusalem Ès


Zòn kote minis enteryè a bay pèmisyon pou konstwi kay yo
Zòn kote minis enteryè a bay pèmisyon pou konstwi kay yo

Minis enteryè izrayelyen an bay dènye apwobasyon li pou konstriksyon 1600 nouvo kay nan Jérusalem Ès, kèk jou aprè Etazini te deklare li gen anpil kè sote pa le fèt ke Izrayel kontinye ap bati kay nan vil la.

Yon pòtpawol fè konnen ministè a gen pou l apwouve konstriksyon 2700 kay ankò nan Jérusalem Ès. Palestinyen yo vle Jérusalem Ès kòm capital yon eta Palestinyen nan lavni.

Yo pa dakò ak okenn konstriksyon izrayelyen e yo refize rekòmanse fè chita-tande lapè toutotan Izrayèl pa sispann bati kay nan vil Jérusalem Ès ak nan Sis-Jodani.

Pòtpawòl ministè enteryè Izrayelyen an di plan bati kay la pa gen oken baz politik, men pito yon reyaksyon pou manifestasyon ki sot fèt sa pa gen lontan sou pri kay pou moun rete ki monte 17 wotè ak apèl ki kit e fèt pou gen lojman bon mache ann Izrayèl.

XS
SM
MD
LG