Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Leve Kont Lide Chanjman Konstitisyon 1987 la


Manifestan ki te pran lari nan Pòtoprens pou yo pwoteste kont Prezidan Jovenel Moise nan dat 14 fevriye 2021.
Manifestan ki te pran lari nan Pòtoprens pou yo pwoteste kont Prezidan Jovenel Moise nan dat 14 fevriye 2021.

Yon manifestan deklare: "Yon sèl moun, yon sèl gwoup moun, yon ti gwoup moun pa kapab chanje li. Pou konstitisyon an chanje, se tout peyi a ki dwe mete l dakò sou sa, san bliye etidyan inivèsite yo.”

Plizyè e milye ayisyen te pran lari ann Ayiti nan jou ak semèn ki pase yo pou di yo pa dakò ak pwojè Prezidan Jovenel Moise genyen pou l bay peyi a yon lòt konsitisyon tou nèf. Alòske Misye Moise fè konnen manman lwa a gen anpil twou vid ladan l, sitwayen ki pa dakò yo reponn pou di konstitisyon aktyèl la nesesè pou pwoteje demokrasi ayisyèn nan. Youn nan manifestan ki te pran lari sa pa gen lontan pou pwoteste kont plan Prezidan an presize rezon ki fè yo rejte demach gouvènman an:

“Nou konsidere konstitisyon 1987 la kòm ak-de-nesans demokrasi ayisyèn nan. Se poutèt sa nou pran lari a pou n defann konstitisyon nou an, pou n defann aki demokratik ke pèp ayisyen an te fè tèlman sakrifis pou l reyalize yo.”

Konstitisyon 1987 la bay Prezidan an ak Premye Minis la anpil pouvwa; men yo gen pou reponn palman an pou aksyon yo. Prezidan Jovenel Moise ta renmen pote kèk chanjman nan manman lwa a pou ranfòse otorite pouvwa egzekitif la e anpeche yon minorite palmantè bloke pwojè gouvènman an. Nan yon entevyou prezidan an te bay Lavwadlamerik, li te defann dwa li pou l chanje konstitisyon an:

“Mwen pa premye prezidan ki vle chanje konstitisyon an. Prezidan Preval, ki te pase 2 manda sou povwa a, te fè yon tantativ pou l amande konstitisyon an; nou wè sa l bay. E l te di kontitisyon sa a se yon kansè pou devlopman peyi a.”

PWOTESTASYON KONT REFERANDÒM NAN: Jenn antreprenè e lidè jenès Pascéus Juvensky St. Fleur avèk yon kopi Konstitisyon 87 la nan men l pandan yon entèvyou nan Pòtoprens nan dat 8 oktòb 2019. (Foto dosye: AP/Rebecca Blackwell).
PWOTESTASYON KONT REFERANDÒM NAN: Jenn antreprenè e lidè jenès Pascéus Juvensky St. Fleur avèk yon kopi Konstitisyon 87 la nan men l pandan yon entèvyou nan Pòtoprens nan dat 8 oktòb 2019. (Foto dosye: AP/Rebecca Blackwell).

Yon sondaj dopinyon ki te parèt nan mwa desanm pase a te jwenn pi fò ayisyen dakò pou yo fè kèk chanjman nan konstitisyon an; sepandan manifestan yo pa fè Prezidan Moise konfyans pou yo kite rejim li a amande manman lwa peyi a. 2 nan sitwayen ki t ap patisipe nan yon mouvman anti-gouvènmantal denonse sa yo konsidere kòm karaktè inilateral dispozisyon otorite yo ap fè pou yo elimine chat nasyonal ki an vigè kounyela a epi mete yon lòt nan plas li.

“Yon sèl moun, yon sèl gwoup moun, yon ti gwoup moun pa kapab chanje li. Pou konstitisyon an chanje, se tout peyi a ki dwe mete l dakò sou sa, san bliye etidyan inivèsite yo.”

“Nou pa vle Jovenel Moise touche konstitisyon sa a. Nou pa dakò ak gouvènman sa a k ap di konstitisyon an bezwen ranplase.”

Gouvènman an fòme yon komisyon konstitiyant avèk misyon pou l prepare yon pwojè refòm pou konstitisyon an; ansuit li pral soumèt li devan pèp la pou revizyon. Ansyen palmantè Jerry Tardieu te nan tèt yon komisyon pou pwopoze kèk amandman nan manman lwa 1987 la pandan dènye lejislati a. Li bay opinyon li sou kesyon pou konnen èske konstitisyon aktyèl la bezwen chanje vrèman:

“Nou dakò pou di konstitisyon an bay pwoblèm e li merite chanje. Sepandan, nou di tou komisyon ki fòme a pa reprezante tout sektè sosyete a.”

Men Prezidan Moise fè konnen pèp ayisyen an pral gen yon chans pou l bay dizon pa l nan koze a:

<< Mwen pral pibliye pwoje-konstitisyon final la e pèp la ap gen yon okazyon pou l analize l epi bay opinyon l sou sa; yon okazyon pou l vote “wi” ou “non”. Se pa yon desizyon inilateral. >>

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise.

Louis Nau Pierre se manm komisyon prezidansyèl ki gen misyon pou l prepare pwojè chanjman konstitisyon an. Li apiye deklarasyon Prezidan Moise la:

“Se totalman lejitim pou w mande pèp la bay opinyon li sou nouvo konstitisyon an. Èske li abòde tout pwoblèm ke tout moun ap denonse yo? Èske solisyon li pwopoze yo se bon solisyon? Ebyen, pèp la va eksepte li epi dokiman va tounen lwa.”

Militan yo ak pati opozisyon yo deja di yo pa p patisipe nan referandòm sou konstitisyon an ki fikse pou 27 jen pwochen.

(Orijinal atik sa an anglè. Tradiksyon kreyòl la se travay Lyonel Desmarattes, eksepte deklarasyon yo ki vini ak idantifikasyon moun ki fè yo).

XS
SM
MD
LG