Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Manifestasyon pou Make 34èm Anivèsè Konstitisyon 87 la


Yon manifestan ki te kenbe nan men l yon kopi konstitisyon 1987 la pandan yon pwotestasyon kont Prezidan Jovenel Moise nan dat 10 fevriye 2021.
Yon manifestan ki te kenbe nan men l yon kopi konstitisyon 1987 la pandan yon pwotestasyon kont Prezidan Jovenel Moise nan dat 10 fevriye 2021.

Mouvman pwotestasyon sa yo ap dewoule plis pase yon lane aprè Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ap dirije pa dekrè -sa ki pa mache avèk prensip demokratik yo- epi l ap fè demach pou l pote gwo chanjman nan konstitisyon 1987 la.

Dimanch 28 mas 2021 an sete premye nan 2 jou manifestasyon divès sektè nan mond politik la ak nan sosete sivil la an Ayiti pwograme pou make 34èm anivèsè konstitisyon pèp ayisyen an te ratifye nan yon referandòm nan dat 29 mas 1987. Òganizatè yo plase manifestasyon sa a sou tèm “Aba diktati” epi “Nou pa vle chanjman konstitisyon an”.

Vrèmanvre, mouvman pwotestasyon sa yo ap dewoule plis pase yon lane aprè Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ap dirije pa dekrè -sa ki pa mache avèk prensip demokratik yo- epi l ap fè demach pou l pote gwo chanjman nan konstitisyon 1987 la san li pa konsilte diferan sektè nan vi nasyonal la, jan lalwa mande sa a. Misye Moise fè konnen rezon dèt demach li a se paske, jan konstitiyan yo te ekri manman lwa a sa gen 34 tran, li pa bay pouvwa egzekitif la ase otorite pou l ririje peyi a ak tout efikasite ki nesesè.

Nan okazyon premye jounen manifestasyon an, diferan lidè pale ak korespondan Lavwadlamerik yo nan Pòtoprens, Renan Toussaint ak Matiado Vilmé, pou yo mete aksan sou volonte yo genyen pou yo defann pwogrè peyi a reyalize sou wout demokrasi a gras ak diferan dwa konstitisyon 87 la bay pèp la -dwa ke l pa t genyen anvan ranvèsman diktati Duvalier a ki te dirije nasyon an sòti nan lane 1957 pou rive nan lane 1986. Youn nan òganizate yo, Jean Robert Argant, dirijan Gwoup Kolektif 4 Desanm, denonse sa li rele “deriv ki fèt pa rapò ak konstitisyon peyi a.” Pou l jistifye opinyon sa a, li di divès gouvènman ki pase sou pouvwa a depi 1987 pa toujou respekte chat fondamantal pèp la te bay nasyon an le 29 mas 1987 la. Dapre li, sistèm ki prime ann Ayiti a jounen jodi a pa repoze sou lalwa ni la konstitisyon, puiske, pa egzanp, lajistis pa ka fè travay li kòmsadwa nan yon peyi kote pwòch pouvwa a ka sèvi ak zam pou yo wete nan prizon moun ke jij kondane.

Senatè Patrice Dumont ak ansyèn kandidat a la prezidans pou Pati Fanmi Lavalas, Doktè Marise Narcisse --ki, yo tou le 2, te akonpaye manifestan yo-- lanse apel bay tout ayisyen pou yo mete tèt yo ansanm pou wete peyi a nan kriz l ap travèse a. Dapre Senatè Dumont, ta genyen twòp pye gaye pami sektè ki an fas Prezidan Jovenel Moise yo.

Patrice Dumont:

“Mwen rekòmande ke Legliz Katolik, Legliz Pwotestan, Vodou, peyizan, Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo, Asosyasyon Jounalis yo, rezo dwazimen, sendika yo…, tout moun sa yo dwe mete yo ansanm pou yo reyini lidè politik yo epi pou yo pran desizyon pou nou pran an. Paske enstitisyon sa yo, se yo menm ki nan konstitisyon 87 la; se yo ki la pou konstitye Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Si yo mete tèt yo ansanm, n ap kapab pran bon desizyon an pou peyi a.”

Doktè Maryse Narcisse:

“Nou dwe fè tèt ansanm avèk tout sitwayen, tout demokrat, tout patriyòt, k ap manifeste kont diktati, kont koudeta konstitisyonèl sa a yo vle ban nou an. Se yon gouvènman ilejitim, yon gouvènman ki chita sou koripsyon, yon gouvènman k ap fè masak, k ap fè represyon sovaj, yon gouvènman k ap fè kidnaping, li pa ka pretann fè konstitisyon pou viktim. Pèp ayisyen, mobilize w pou w pa pèdi benefis demokratik yo.”

Yon lòt lidè opozisyon an, Moise Jean-Charles (Pati Pitit Desalin) fè konnen Prezidan Jovenel Moise pa kalifye pou l pote okenn chanjman nan konstitisyon 87 la. <<Konstitisyon 1987 la se yon bèl konstitisyon… Nou pa ka kite vakabon, nou pa ka kite diktatè kraze konstitisyon sa a. Lè kondisyon reyini, n ap gen yon nouvèl konstitisyon. Nou nan lari a tou pou n di “wi, nou solidè ak tout peyi ki vle pote solidarite ban nou….”>>

Kanta pou Pierre Espérance, lidè òganizasyon defans dwamoun Rezo Nasyonal pou Defans Dwamoun (RNDDH), entènasyonal la gen yon gwo wòl pou l jwe nan rechèch solisyon pou kriz la ann Ayiti. Sou pwen sa a, li deklare: “Si Lèzetazini vle ede Ayiti sòti nan sa l ye jounen jodi a, Lèzetazini kapab fè sa.”

Korespondan nou yo ap kouvri 2èm jounen manifestasyon ki sou pye ann Ayiti lendi 29 mas 2021 a pou make 34èm anivèsè adopsyon konstitisyon ayisyèn nan. Rete branche sou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la

XS
SM
MD
LG