Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite Nasyonzini Renouvle Manda BINUH


Foto Achiv: Reyunyon Konsey Sekirite Nasyonzuni nan Nouyok, 23 Sept. 2021.
Foto Achiv: Reyunyon Konsey Sekirite Nasyonzuni nan Nouyok, 23 Sept. 2021.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an renouvle vandredi 15 oktòb la nan aswè, manda Biwo Entegre Nasyonzuni pou Ayiti a BINUH.

Te gen 15 vòt pou renouvèlman an - kidonk tout manm konsèy la vote wi.

Anbasadè Etazuni nan L'ONU, Linda Thomas-Greenfield te pran la pawòl apre vòt la pou di, se pa yon bon moman pou LONU sispann apiye BINUH.

" BINUH has an important role to play at this critical moment in supporting the Government of Haiti’s efforts to promote human rights, stabilize the situation on the ground and create the conditions for national elections to be held. Now is not the time for the Security Council to walk away. "

Anbasadè a deklare "BINUH gen yon wòl enpòtan pou jwe nan moman kritik sa a pou apiye jefò gouvènman Ayiti ap fè pou pwomouvwa dwa moun, stabilize sityasyon an epi kreye kondisyon pwopis pou eleksyon nasyonal ka dewoule. Se pa yon bon moman pou Konsèy Sekritite a vire do'l."

Anbasade Thomas-Greenfield di rezolisyon yo adopte a mande pou Sekretè Jeneral L'ONU a, Antonio Guterres, re-evalye manda BINUH a nan 6 mwa.

"Lèzetazini ap tann evalyasyon sa a ak opòtinite li akòde nou pou nou ranfòse manda BINUH ak efikasite li nan moman lap ede Ayiti fè fas ak plizyè defi li gen devann," li ajoute.

Anbasadè la Chin deklare peyi li te sigjere pou sekretè-jeneral la re-evalye manda BINUH a nan 6 mwa e gras ak yon bon jan diskisyon ki fèt sou sa, ak enklizyon kondisyon sa a nan rezolisyon an peyi li deside vote an favè renouvèlman manda BINUH an.

"Ayiti paka atenn stabilite si li paka regle pwoblèm ni poukont li," Anbasadè Chinwa a deklare. " Se poutèt sa mwen ankouraje gouvènman Ayisyen an ak politisyen yo pou yo toujou priyorize pèp la. Mete diferans nou sou kote, pran responsabilite e chache kowoperasyon ak konsansis pou peyi a ka gen yon pi bon avni."

Anbasade a ajoute la Chinn pare pou'l kontinye travay ak Konsèy Sekirite a pou apiye BINUH epi jwe yon wòl "pozitif" pou ede Ayiti atenn stabilite lakay li.


Korespondan VOA nan Nasyonzuni Margaret Besheer kontribye nan repòtaj sa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG