Accessibility links

Breaking News

Konsèy CDC pou Ede Paran yo Tanmen Bon Jan Konvèsasyon ak Pitit yo sou Kowonaviris


Yon miral nan Peyi Kenya ki atire atansyon timoun yo sou danje kowonaviris poze nan kominote yo. (Foto: AP/Brian Inganga. 3 jen 2020)
Yon miral nan Peyi Kenya ki atire atansyon timoun yo sou danje kowonaviris poze nan kominote yo. (Foto: AP/Brian Inganga. 3 jen 2020)

Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) prepare kèk rekòmandasyon pou l ede manman ak papa pitit yo tanmen bon jan konvèsasyon ak timoun yo sou maladi kowonaviris la ak diferan mwayen timoun yo kapab evite trape viris la oubyen pwopaje li nan kominote kote y ap viv la.

Paran timoun yo, oubyen nenpòt ki gran moun, dwe rete kalm lè y ap pale ak yon jenn de kowonaviris la. Yo dwe rasire timoun nan, fè li konprann yo dispoze non sèlman pou yo pale avek li, men tou pou yo tande sa l gen pou di; evite yon langaj ki ka lage responsablite eklatman maladi a sou do yon gwoup moun oubyen yon ras moun.

Se pou granmoun nan atache anpil atansyon ak sa timoun nan di li tande nan radio, li wè nan televizyon oubyen li li oubyen li wè sou entènèt la. Anfen mande timoun nan redui plis posib valè enfòmasyon l ap resevwa sou maladi a, paske twòp enfòmasyon sou yon sèl e menm sijè kapab pwovoke anksyete ak kèsote lakay yon timoun; e se sa menm pou nou evite.

XS
SM
MD
LG