Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Pwovizwa a ann Ayiti Kontinye Resevwa Kritik


Plizyè asosyasyon nan vil Hench lanse yon apèl bay politisyen ayisyen yo pou mande yo mete tèt yo ansanm pou yo rebati peyi a.

Nan Vale Atibonit la, dirijan gwoupman ki rele Jenerasyon Pou Chanjman Global la, Pierre Robert Auguste, kritike Konsèy Elektoral Pwovizwa a poutèt desizyon dirijan enstitisyon sa a pran pou l aksepte kandidati ansyen gran komi Leta pou eleksyon novanm 2010 yo san yo pa resevwa dechaj ke lwa elektoral la ak konstitisyon peyi a prevwa.

Pou atire atansyon popilasyon Gran Dans la sou le fèt ke KEP a pa merite konfyans e li pa kapab òganize eleksyon lib, onèt e demokratik, lidè koalisyon politik FIZYON, pwofesè Victor Benoit te fè yon vizit mèkredi 11 out la nan vil Jeremi. Menm jou a, kapital Gran Dans la te resevwa vizit senatè Edmonde Supplice Beauzile tou.

Sou Il La Gonav, yon lidè relijye leve la vwa pou l mande krayasyon plis lekòl nan peyi a. Pastè Lucner Saint Phil, dirijan Calvary International Ministries, fè konnen si te genyen ase lekòl nan pwovens yo, genyen anpil etidyan ki mouri nan tranblemanntè 12 janvye a nan Pòtoprens ki pata pèdi lavi yo.

Anfen, popilasyon divès lokalite nan depatman sid la, espesyalman vil O Kay, ap prepare yo pou yo selebre depi vandredi 13 out la fèt tradisyonèl Jele a.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 12 out 2010 la

XS
SM
MD
LG