Pòtoprens, Ayiti (Associated Press)
Otorite yo nan konpayi elektrisite Ayiti a di Jedi a yon gwoup gason ki pran pòz yo se ajan sekirite lanse atak kont anplwaye yo ak enfrastrikti yo.
Konpayi an di mesye yo, ansanm ak sa yo dekri kòm ajan sekirite konplis, okipe yon santral elektrik tou prè baraj Péligre la nan rejyon sant Ayiti a. Otorite yo ajoute ke yo te deja anboche mesye yo ilegalman, e malgre yo te ranvwaye yo, mesye yo te kontinye retounen nan santral la.
Direktè konpayi Santral Elektrik la, Michèl Présumé, di sou kont Twitter li dèlco oksilyè a andomaje.
Yon pòtpawòl konpayi an di Présumé pa disponib pou fè kòmantè. Li pa klè konbyen kliyan ki pa genyen elektrisite kòm rezilta sitiyasyon sila a.