Accessibility links

Breaking News

Yon Atanta sou Kongrè Ameriken an Fè 2 Mò ak 1 Blese


USA, Washington - Manm Gad Nasyonal Lèzetazini ki t ap fè patrouy alantou lokal Kongrè a apre ensidan kote yon enkoni te fonse ak machin li sou 2 polisye Kapitòl la. (Foto: REUTERS/Carlos Barria - 2 avril 2021).
USA, Washington - Manm Gad Nasyonal Lèzetazini ki t ap fè patrouy alantou lokal Kongrè a apre ensidan kote yon enkoni te fonse ak machin li sou 2 polisye Kapitòl la. (Foto: REUTERS/Carlos Barria - 2 avril 2021).

Yon chofè machin al fonse sou yon barikad ki alantou lokal kongrè ameriken an nan Washington, DC, kapital Lèzetazini, nan kòmansman apremidi jounen vandredi 2 avril 2021 an. 2 otorite nan polis Kapitòl la di Associated Press machin nan blese 2 polisye Kongrè a tandiske ajan sekirite tire chofè a.

Daprè polis Kongrè a toujou, ensidan an dewoule nan yon pwen enspeksyon alantou Kapitòl la nan moman zòn metwopolitèn Washington nan rete sou tansyon epi ajan sekirite yo twouve yo sou le kiviv toujou preske 3 mwa aprè yon popilas moun ame te pran lokal Kongrè a daso pandan depite yo ak senatè yo t ap vote pou sètifye viktwa Joe Biden nan eleksyon prezidansyèl novanm 2020 an. Polis Kongrè a ajoute:

“Yon nonm te fonse ak yon machin sou 2 polisye Kongrè a e otorite yo poze arestasyon yon sispèk.”

Yon koutje sou sèn nan alantou Kongrè a, nan Washington D.C., aprè endidan vandredi 2 avril la.
Yon koutje sou sèn nan alantou Kongrè a, nan Washington D.C., aprè endidan vandredi 2 avril la.

Menm sous la fè Associated Press konnen sispèk la resevwa yon bal e yo mennen li lopital nan yon kondisyon grav. Lapolis mete youn nan ajan ki blese yo nan yon machin e yo ale lopital avè l, tandiske se yon anbilans ki transpòte 2èm polisye ki blese a nan yon sant medikal pou swen ka li merite. Nouvèl dènye minit nou resevwa pandan nou t ap ekri atik sa a fè n konnen atakan an rann dènye soupi li pandan li lopital la epi youn nan polisye yo sikonbe anba blese l yo.

Responsab polis ki pale de ensidan an pa t ka fè kòmantè piblik sou afè a e se ak kondisyon pou non yo pa site yo reponn kesyon Associated press sou sa k pase a. Aprè ensidan an, otorite yo plase tout espas ki antoure lokal Kongrè a sou barikad, kote yo di anplwaye yo pa ka sòti, yo pa ka antre jiska nouvèl òd.

Aprè yon popilas ame te anvayi lokal Kongre nan dat 6 janvye pase a, responsab sekirite yo te sentire batiman an avèk yon kloti ke piblik la pa t ka franchi ni nan machin, ni a pye. Sa pa gen lontan yo te vin demoli kloti sa a nan moman Vil Washington kòmanse reprann li apre atak ki te dewoule nan kòmansman mwa janvye a.

XS
SM
MD
LG