Accessibility links

Breaking News

Manm Kongrè Ameriken an Denonse Desizyon Nouvo Chèf Medya Glabal USA a Pran pou l Revoke Plizyè Direktè


Depite Nita Lowey, Demokrat New York, Prezidant Komisyon Alokasyon Bidjetè a, se youn nan palmantè ki kritike revokasyon Misye Pack fè yo.
Depite Nita Lowey, Demokrat New York, Prezidant Komisyon Alokasyon Bidjetè a, se youn nan palmantè ki kritike revokasyon Misye Pack fè yo.

Nan Washington, 2 manm kongrè ameriken an, Depite Nita Lowey, prezidant Komisyon Alokasyon Bidjetè nan Chanm Bas la, avèk Depite Eliott Engel, prezidan Komisyon Afè Etranjè Lachanm nan, se 2 Demokrat ki pale ak laprès jedi 18 jen an pou yo deklare yo vekse onnpepli akoz desizyon nouvo direktè jeneral Ajans Medya Global Lezetazini an, Michael Pack, pran pou l fè yon seri de revokasyon nan ajans sa a ki sipèvize travay Lavwadlamerik. Misye Pack revoke direktè Rezo Radyo-Teledifizyon pou Mwayen Oryan an, Radyo Azi Lib, Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète, direktè Ofis Radyo-Teledifizyon pou Kiba a avèk Fon Finansman pou Wot Teknoloji a.

Depite Lowey ak Depite Engel pibliye e siyen ansanm yon deklarasyon kote yo di:

“Lefèt ke Misye Pack pran desizyon makawon sa a sou premye semenn li nan travay la, se yon bagay ki choke nou e nou gen gwo kè-sote deske li pran leadership yon ajans ki si enpòtan konsa avèk objektif pou l favorize ajanda administrasyon Trump la kont misyon pou l pwoteje e ankouraje yon jounalism endepandan ki reprezante pilye libète avek demokrasi.”

Depite Eliot Engel (sou foto a) mete ak kolèg li, Nita Lowey, pou yo di revokasyon yo reprezante "yon menas pou libète ak demokrasi."
Depite Eliot Engel (sou foto a) mete ak kolèg li, Nita Lowey, pou yo di revokasyon yo reprezante "yon menas pou libète ak demokrasi."


Ajans nouvèl Associated Press fè konnen Msye Pack pa bay okenn rezon egzat pou revokasyon li fè yo, eksepte ke li di aksyon li poze a baze sou otorite li genyen kòm nouvo dirijan Ajans Medya Global Lezetazini an. Senatè Bob Menendez, pi gwo palmantè demokrat nan Komisoyn Afè Etranjè Gran Kò a, kritike li-menm tou desizyon Directè Pack la ki, dapre sa senatè a di nan yon avètisman, kapab ratresi e minen endepandans ajans la.

Alberto Fernandez, ki pèdi djòb li kòm direktè Rezo Radyo-Teledifizyon pou Mwayen Oryan an, deklare li fyè de travay rezo a akonpli pandan 3 zan li pase kòm chèf divizyon an e se yon onè pou li deske li te gen yon okazyon pou l travay avèk pi bon pami pi bon nan jounalis yo Ozetazini, nan Doubay, nan Bewout avèk lòt kote ankò. Misye Fernandez atire atansyon sou gwo defi k ap tann Ajans Medya Global Lezetazini an, swa defi pou l pote nouvèl bay oditè, telespektatè, lektè avèk entènot toupatou nan lemond.

XS
SM
MD
LG