Accessibility links

Breaking News

Deba ap Kontinye nan Kongrè Ameriken an Sou yon Posib Fèmti Gouvènman Federal la


In this photo provided by Sri Lanka Air Force, smoke rises from the container vessel <em>MV X-Press Pearl</em> engulfed in flames off Colombo port.
In this photo provided by Sri Lanka Air Force, smoke rises from the container vessel <em>MV X-Press Pearl</em> engulfed in flames off Colombo port.
Nan moman li posib pou gouvènman ameriken an fèmen nan 2 jou -vandredi 19 janvye 2018 la- si Kongrè a ak La Mezon Blanch pa rive antann yo sou yon pwolongasyon bidjè fonksyonnman an, palmantè demokrat ak repibliken lanse kèk atak kote yo youn voye ti toya sou lòt, nan jounen mèkredi 17 janvye 2018 la, poutèt kesyon ki gen rapò ak domèn imigrasyon an a ki ta kapab anpeche yo jwenn yon antant sou depans leta federal la ap fè.
Nan moman lè a ap pwoche sou dat limit kote otorite gouvènman an genyen pou l depanse lajan pral bout, deba chaje pasyon ap dewoule nan Kongrè a sou pwopozisyon ki fèt pou pwoteje kont depòtasyon yon afè de 800 mil jenn imigran ilegal ki te antre Ozetazini ak paran yo pandan yo te tou piti. (Se yon pwogram ki rele an abreje anglè DACA e ke ansyen Prezidan Barack Obama te mete an plas pou pwoteje jenn imigran sa yo kont depotasyon e ki pèmèt yo viv, travay epi etidye Ozetazini).
Lindsay Graham (mitan), Senatè Repibliken Eta Kawolin di Sid, ki t ap pale ak laprès sou pwogram DACA a.
Lindsay Graham (mitan), Senatè Repibliken Eta Kawolin di Sid, ki t ap pale ak laprès sou pwogram DACA a.

Yon gwo kantite palmantè demokrat mete ansanm pou yo egzije prezans pwoteksyon sa a nan tout pwojè-lwa ou pwopozisyon-lwa sou yon pwolongasyon pwovizwa otorite leta pou l fè depans. Se konsa Depite Judy Chou, yon demokrat ki reprezante Eta Kaliföni nan Chanm Bas la, fè deklarasyon sa a nan laprès:

Ane pase a Prezidan Donald Trump te anonse pwogram DACA a pral fini an mas 2018. Sa pa gen lontan Misye Trump te envite palmantè 2 pati yo travay sou yon solisyon pèmanan pou benefisyè DACA yo; men jiskaprezan Kongrè a poko pran yon aksyon sou dosye a.
Depite demokrat Eta Kalifòni, Judy Chu, ki di li pap vote "pou okenn depans pwovizwa" ki pa apiye pwogram DACA a.
Depite demokrat Eta Kalifòni, Judy Chu, ki di li pap vote "pou okenn depans pwovizwa" ki pa apiye pwogram DACA a.
<< Mwen konnen mwen pa pral vote pou okenn lejislasyon sou depans pwovizwa si li pa gen ladan n yon dispozisyon pou amelyore DACA a; e m si e sèten kòlèg demokrat mwen yo nan lachanm nan pap vote pou li non plis.>>
Repibliken yo rejte tout solisyon san kondisyon pou DACA. Yo ensiste pou di yopap vote pou yon lejislasyon sou dosye a si lipa mache ak kèk dispozisyon pou ranfòse sekirite sou fwontyè Lèzetazini yo avèk refòm nan imigrasyon legal. Negosyasyon sou dosye a ki dewoule pandan plizyè mwa ant 2 pati yo, debouche sou 2 pwopozsiyon; men ni youn ni lòt pa jwenn konsantman Prezidan Trump.
XS
SM
MD
LG