Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an Fè yon Odyans sou Ayiti


Direktè Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal Rajiv Shah, fè depozisyon devan komite Afè etranjè chanm depite ameriken kote li pale sou travay Etazini ap fè an Ayiti apre tranblemanntè 12 janvye a.

Kongrè a te lanse envitasyon sa a bay responsab USAID a yon fason pou l konnen si wi ou non gen pwogrè ki fèt nan travay reskonstriksyon an e fason kongrè ameriken an kapab pote kontribisyon pa l.

Direktè Ajans Ameriken pou Devlopman entènasyonal la, Rajiv Shah rekonèt gen efò ki fèt men li kwè tout pati konsène yo dwe pote kole pou travay la kapab fèt pi byen.

Doktè Rajiv Shah di Etazini bezwen pou patnè yo aji ak plis agresivite nan angajman yo pran anvè komisyon rekonstriksyon an epi pou gen plis fleksibilite nan plan rekonstriksyon. Dapre rechèch ki fèt sou kesyon an gen pwojè ki kapab koute meyè mache si yo itilize pwodwi lokal.

Aktè ayisyen Jimmy Jean Louis, Abasadè Bòn Volonte Fondasyon Panameriken pou Devlopman te pami panelis yo. Jimmy Jean Louis souliyen bon travay kominote entènasyonal la ap fèt tankou bay plizyè milye moun djòb ak lòt asistans ki nesesè.

Msye Jean Louis rekonèt gen lòt domèn ki merite amelyore tankou kesyon dwazimen ak sekirite. Jimmy Jean Louis pran an kòm ekzanp gwosès k ap ogmante nan mitan popilasyon adolesan ant 13 e 14 zan k ap viv nan kan moun deplase yo an Ayiti Aktè a pale pou l di sou aspè sekirite a li nesesè pou polis nasyonal la ak solda MINUSTAH yo kontinye travay ansanm pou re-arete prizonye ki te sove nan prizon apre tranvlemanntè a.

Reprezantan òganizasyon Inter Action Samuel Worthington di ONG yo ranmase plis pase 1 milya 500 milyon dola isit Ozetazini.

Plis pase 900 milyon al jwen òganizasyon sa yo pou depanse sou teren an, plis pase 400 milyon ap depanse nan efò sekou yo, anviwon 500 milyon disponib sizoka yon lòt dezas natirèl ta frape Ayiti.

Meye Worthington di li enpòtan pou pa gen konfizyon ant relokalizasyon ak desantralizasyon. Mesye Worthington eksprime enkyetid li sou pwoblèm kominikasyon ki pa ekziste ant gouvènman an sosyete sivil la.

Rankont sa a fèt kèk jou apre Kongrè ameriken vote yon fon lajan pou ede nan travay rekonstriksyon peyi a.

Sa pa gen lontan 2 manm enfliyan nan Komite Afè Etranjè chanm wot Etazini : Senatè Repibliken Richard Lugard ak senatè demokrat John Kerry, te kritike prezidan René Préval yo di ki pa pran bonjan angajman ki nesesè nan demach pou rekonstwi peyi dAyiti apre tranblemanntè 12 janvye pase a.

XS
SM
MD
LG