Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an Garanti Amplwaye Federal yo Ap Jwenn Lajan yo Pa Touche Lè Gouvènman an Va Relouvri


Pòt Kongrè ameriken an fèmen menm an ak pòt anpil lòt biwo leta federal ameriken an.
Pòt Kongrè ameriken an fèmen menm an ak pòt anpil lòt biwo leta federal ameriken an.

Tout manm Sena ameriken an, san wete youn, vote yon pwopozisyon-lwa ki bay anplwaye federal yo garanti yo pral touche tout kòb leta dwe yo aprè fèmti gouvènman federal la va fini.

Menmsi vòt sa a ka parèt kòm yon bon nouvèl, li pa pral ede imedyatman plis pase 800 mil anplwaye ki pa resevwa chèk yo vandredi 11 janvye 2019 la, ki se premye jou pèman yo rate depi fèmti a te tanmen nan dat 22 desanm pase a.

Lè fèmti a va antre nan 4èm semèn li samdi 12 janvye a, li pral bat rekò a kòm fèmti ki dire pi lontan nan istwa Lèzetazini. Gouvènman an fèmen depi 3 semèn paske La Mezon Blanch ak lidè Demokrat yo nan Kongrè a pa ka jwenn yon antant sou demand Prezidan Trump fè pou yo mete a la dispozisyon administrasyon li a plis pase 5 MILYA dola pou konstriksyon yon miray sou fwontyè peyi a avèk Meksik.

XS
SM
MD
LG