Accessibility links

Breaking News

Konferans Sou Defans Rejyonal Nan Bolivi


Nan peyi Bolivi, Prezidan Evo Morales, ouvè nan vil Santa Cruz yon konferans sou defans rejyonal kote li di peyi li a pral fè bizniss e etabli relasyon diplomatik ak nenpòt ki peyi li vle, pami yo peyi Iran.

Mesye Morales fè komantè sa yo nan yon diskou li pwononse devan delege yo nan konferans la e li ajoute , pèsonn pa pral chwazi kiyès k ap alye Bolivi.

Prezidan Morales te anonse mwa pase a entansyon Bolivi pou l achte avyon ak elikoptè militè ki fabrike nan peyi Iran. Anplis desa, lidè bolivyen an di li gen entansyon mete sou pye yon enstalasyon enèji nikleyè ak asistans repiblik islamik la.

Minis Defans Etazini te asiste konferans la nan nan Santa Cruz. Minis Gates pa dirèkteman reponn mesye Morales, men li te di Bolivi fè pou sonje sanksyon komèsyal Etazini mete sou Iran poutèt li derefuze kanpe anrichisman iranyòm li an.

Non konferans sa a mesye Morales akize Lèzetazini pou patisipasyon l nan kou deta 2002 o Venezuela , 2008 nan Bolivi e , 2009 nan Honduras e 2010 ann Ekwatè.

XS
SM
MD
LG