Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la Kontinye Reyaji sou Rejè Nominasyon Daniel Rouzier pou Plas Premye Minis la


Daniel-Gerard Rouzier
Daniel-Gerard Rouzier

Kominote entènasyonal la fè konnen kè-sote li apre chanm depite ayisyen an vote pou l rejte chwa Daniel Rouzier pou pòs Premye Minis la.

Daprè reprezantan peyi a ak enstitisyon etranje nan Pòtoprens, absans yon chèf gouvènman konfime kapab genyen move konsekans sou egzekisyon pwojè Ayiti negosye avèk kominote entènasyonal la.

Youn nan diplomat ki pale nan sans sa a, se Henry-Paul Normantin, anbasadè kanadyen an ann Ayiti.

Korespondan nou Rotchild François Junior ap nan nou reyaksyon chèf misyon diplomatik Kanada sou dosye a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG