Lèzetazini anonse li pral bay Ayiti 100 milyon dola pou fon rekonstriksyon peyi a. Minis Ekonomi ak Finans ayisyen an, Ronald Baudin, ki konfime enfòmasyon sa a, di Lavwadlamerik Kanada siyen tou yon akò pou l ofri 30 milyon dola pou rekonstriksyon an. Lafrans, bò kote pa l, pwomèt 30 milyon.
Mesye Baudin ap prezante pou Lavwadlamerik yon bilan rankont Komisyon Enterimè Rekonstriksyon an CIRH, ak reyinyon Fon Rekonstriksyon an, FRH. Li reponn kesyon Jean Pierre Leroy.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Jean Pierre Leroy ak Minis Beaudin.