Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon: Kominike Pou Laprès Depatman Deta Ameriken an


Ayiti - Eleksyon: Kominike Pou Laprès Depatman Deta Ameriken an
Ayiti - Eleksyon: Kominike Pou Laprès Depatman Deta Ameriken an

Anons rezilta definitif 1er tou eleksyon 28 novanm 2010 yo Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an fè jedi maten 3 fevriye 2011 la, se yon etap enpòtan nan dewoulman eleksyon yo ann Ayiti.

Se deklarasyon Anbasad Etazini nan Pòtoprens nan yon kominike pou laprès. Nòt la di Etazini pare pou li asiste gouvènman ayisyen an ak KEP a nan pwochen tou eleksyon yo pou peyi a kapab genyen yon vòt ki lib, jis, epi pou redui kantite mank e malanj ak fòs kote ki te afekte 1er tou a.

Anbasad la di li trèzenpòtan pou tout aktè politik yo, kandida yo ak patizan yo, kontinye travay nan lapè e annakò ak lalwa.

Etazini rete bò kote pèp ayisyen an, pandan pèp sa a ap travay pou li rebati yon peyi ki va gen plis demokrasi, plis pwosperite, ak plis stabilite.

XS
SM
MD
LG