Accessibility links

Breaking News

Komemorasyon 205èm Anivèsè Lanmò Jean-Jacques Dessalines, Fondatè Ayiti


Agoch, yon ayisyen ki degize ak kostim jeneral Jean-Jacques Dessalines, anperè Ayiti, pale ak Prezidan Michel Martelly, a dwat, pandan yon seremoni nan Port-au-Prince, Haiti (17 Oct. 2011)
Agoch, yon ayisyen ki degize ak kostim jeneral Jean-Jacques Dessalines, anperè Ayiti, pale ak Prezidan Michel Martelly, a dwat, pandan yon seremoni nan Port-au-Prince, Haiti (17 Oct. 2011)

Ayiti komemore nan vil Marchand-Dessalines lendi 17 oktòb la 205èm anivèsè asasinay anperè Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyèn nan.
Prezidan ayisyen, Michel Joseph Martelly; premye minis, Garry Conille, palmantè ayisyen yo, te prezan pou yon seremoni nan memwa fondatè Ayiti a. Alfred Jean, korespondan Lavwadlamerik nan site endepandans lan te sou plas.

Antretan, nan Pòtoprens, Clarens Renois di sitwayen nan kapital ayisyen an komemore tou trajik evènman an. Nan yon korespondans depi metwopòl ayisyèn nan la p di nan ki espri sektè politik ak soyete sivil la make jounen 17 oktòb 2011 la.

NB: Pou w koute repòtaj Alfred Jean ak Clarens Renois sou jounen sa a ale sou ikòn mp3, anwo, adwat paj wèb la.NB: Pou w koute repòtaj Alfred ak Clarens Renois sou jounen sa a ale sou ikòn mp3, anwo, adwat paj wèb la.

XS
SM
MD
LG