Nan desizyon tribinal la pran madi 17 out 2010 la, li deklare akò sa a enkonstitisyonèl e li bay lòd pou gouvènman Juan Manuel Santos la ki prete sèman sa pa gen lontan soumèt li bay Kongrè Konlonbyen an pou yo revize l.
Otorite ameriken ak kolonbyen yo te siyen akò sa a nan mwa oktòb ane pase pandan ke mesye Alvaro Uribe te prezidan Kolonbi.
Otorite yo nan Bogota fè konnen akò a respekte prensip souverènté, entegrite teritorial peyi e yo pa dwe entèvni nan zafè entèn lòt eta.