Accessibility links

Breaking News

Kò Gwoup la Ankouraje Dyalòg pou Rezoud Kriz Politik la ann Ayiti; Pozisyon Evans Paul (KID) ak Edmonde S. Beauzile (FUSION)


Foto: Kò Gwoup la, Sit wèb Anbasad Etazini ann Ayiti.
Foto: Kò Gwoup la, Sit wèb Anbasad Etazini ann Ayiti.

Kò Gwoup la ankouraje yon dyalòg ant tout sektè pou rezoud kriz politik la ann Ayiti, yon avi ansyen premye Minis Evans Paul, lidè KID la pataje tandike ansyèn senatè Edmonde Supplice Beauzile bò kote pal voye jete ide sila a byen lwen.

Kò Gwoup la ki gen ladan reprezantan Nasyon Zini, Anbasadè Kanada, Etazini, reprezantan l’OEA ak lòt peyi kwè vrè solisyon ak kriz politik la se yon dyalòg ant tout sektè dapre ansyèn senatris Edmonde Supplice Beauzile ki tap patisipe nan yon rankont ak peyi zanmi Ayiti yo sou kriz politik la.

Ansyèn kandida alaprezidans pati FUSION an di li pa kwè nan volonte Prezidan Jovenel Moïse pou fè yon dwalòg fran ant tout sektè. Yon lòt kote, Kò Gwoup la deplore sitiyasyon vyolans nan peyi a ki vin rann li difisil pou avanse ak sipò kowoperasyon yo.

Sepandan Madam Beauzile kwè Kò Gwoup la pa chanje pozisyon paske se konsa li te toujou wè kriz politik la.

Klike sou video a pou w tande yon entèvyou Madam Beauzile bay Lavwadlamerik nan mikwo Ronald Cesar.

Ayiti: Ansyèn Senatè Edmonde S. Beauzile Kwè Demisyon Prezidan an J. Moïse Se Sèl Solisyon ak Kriz la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:09 0:00


Yon lòt patisipan nan rankot ak Kò Gwoup la se ansyen Premye Minis Evans Paul ki li menm kwè solisyon ak kriz la dwe pase atravè yon koabitasyon ant opozisyon an ak pouvwa Jovenel Moïse la.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon ansyen premye Minis Evans Paul nan mikwo Ronald Cesar.

Pozisyon Ansyen Premye Minis Evans Paul sou Kriz Politik la ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:23 0:00


XS
SM
MD
LG