Accessibility links

Breaking News

Kiyès ki Oussama Bin-Laden ?


Bin Laden
Bin Laden

Lidè teworis lajistis entènasyonal te pi ap chèche a, Oussama Bin-Laden, mouri ; li te gen 54 tran. Oussama Bin-Laden ki responsab pou yon pakèt zak teworis e li te te pwovoke petèt pi gwo operasyon-koukouj lame amerikèn janm lanse nan tout istwa Etazini.

Apre atak teworis ki te fè sou New York ak Washington nan dat 11 septanm 2001, prezidan ameriken nan epòk la, George W. Bush, te pran angajman piblikman pou l mete men sou nèg ki te reprezante “mastè brenn”, sèvi tajedi sa a, an palan de Oussama Bin-Laden.

Prezidan Bush te di la a“ Nèg sa a vle detwi tout sa ki sanble ak sivilizyon pou l devlope pwop pouvwa li e pou pwop benefis pèsonèl li. Nèg sa a tèlman pa bon, tèlman renmen lemal, li vle voye jèn gason al komèt zak kamikaze (kote yo pèdi lavi yo) pandan ke li menm li kache nan kav. Non sèlman mesye koubab pou zak asaina ektwòdinè, men tou li se yon moun ki san nanm e san konsyans

Imaj bin Laden kòm teworis yo te pi ap chèche nan lemond-la, pa koresponn ak edukasyon pasifik e konfòtab li te resevwa. Oussama Bin-Laden te pran nesans le 10 mas 1957 ; se youn nan 50 pitit yon gwo bacha saoudyen ki te fè lajan n nan domèn konstriksyon e ki te mouri lè Oussama Bin-Laden potko menm gen 20 tan. Bin laden te grandi nan liks nan klas boujwaz peyi Arabi Saoudit. Li te gen yon pakèt zanmi nan fanmi wayal k ap dirije peyi a . Lidè al-Qaida-a te dekwoche yon diplòm enjenyè e sanble se li ki te alatèt biznis fanmi an. Men, lavi l ta pral chanje an 1979 lè ansyen Inyon Sovyetik la te anvayi Afganistan .

Bin Laden , tankou anpil mizilman, te kite kay li pou l ta l konbat sovyetik yo, malgre premye patisipasyon n nan lagè a sete sèlman pou l ofri lojman pou nouvo rekri yo , pou konbatan islamik afgan yo rele « moudjaydin » ki te jwenn tou apwi nan men Lèzetazini. Sepandan, nan ane 80 yo, Bin Laden ta pral deside itilize richès fanmi l pou l fòme pwòp kò milis li, ke yo pral rele pita « al-Qaida ». Apre sòlda sovyetik yo te kite Afganistan , Bin Laden te retounen lakay li ; men li te toujou kenbe kontak ak ansyen konbatan lagè Afganistan an e li kontinye devlope yon enterè espesyal pou lit mizilman yo .

Yon lòt tounan enpòtan nan lavil Bin Laden, se lè, an 1990, Irak te anvayi Kowet, yon pewi ki rich ak petwòl nan Gòlf Pèsik la ; Arabi Saoudit te envite rapidman twoup ameriken pou deplwaye pou korije siiyasyopn an. Oussama Bin-Laden te wè prezans sòlda ameriken sa yo --ki pa mizilman-- sou teritwa peyi natal li a (ke l konsidere kòm yon tè sent) kòm yon ensilt, yon afwon pou Islam. Li te pwoteste e Arabi saoudit te mete l deyò an 1991. Li t al pran refij nan Soudan, kote li ta pral kontinye travay pou fè rezo Al-Kaida pran jarèt ane apre ane, jiskaske li te an mezi lanse divès atak kont enterè Lèzetazini atravè lemond e pafwa o Ozetazini menm.

Pi gwo nan atak sa yo te dewoule nan dat 11 septanm 2001, kote militan rezo a te detounen yon seri de avyon i tap volè nan syèl ameriken an ; 2 nan yo t al antre nan 2 tou marasa World Trade Center la, nan New York, youn t al tonbe sou Pentagòn nan (kidonk, lokal Depatman Defans Lèzetazini-an, nan Washington) epi yon 4èm, te tonbe nan yon jaden, nan eta Pennsilvani. Anviwon 3 mil moun te mouri nan atak 11 septanm 2001 an.

XS
SM
MD
LG