Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò di "Lansman 2 Misil Kout Pòte se yon Avètisman pou Lèzetazini ak Kore di Sid..."


Dènye lansman misil an dat nan Kore di Nò sou yon ekran televizyon nan Kore di Sid. (Foto: AP/Ahn Young-joon).
Dènye lansman misil an dat nan Kore di Nò sou yon ekran televizyon nan Kore di Sid. (Foto: AP/Ahn Young-joon).

Kore di Nò anonse ofisyèlman, vandredi 26 jiyè 2019 la, li reyalize dènye tès misil li avèk yon deklarasyon kote li di lansman sa a se yon avèsman pou «pwovokatè militè yo » nan Kore di Sid k ap ranje kò yo pou yo fè anvan lontan egzèsis militè ansanm avèk Lèzetazini.

Medya Leta nò-koreyen an pibliye foto ki montre lidè peyi a, Kim Jong Un, ki t ap sipèvize, nan jounen jedi a, tès sa medya a rele « yon nouvo tip zam taktik gide.» Otorite yo Ozetazini e nan Kore di Sid fè konnen zam sa a se yon misil balistik kout pòte.

Kim Jong Un (chita-adwat) ki t ap suiv preparasyon lansman 2 misil balistik kout pòte jedi 25 jiyè 20 19 la
Kim Jong Un (chita-adwat) ki t ap suiv preparasyon lansman 2 misil balistik kout pòte jedi 25 jiyè 20 19 la

Lansman misil sa yo se premye Kore di Nò reyalize depi Misye Kim te rankontre avèk Prezidan Donald Trump mwa pase a kote yo te mete yo dakò pou yo relanse negosyasyon sou denikleyarizasyon yo. Tès misil sa yo soulve dout sou yon repriz posib negosyasyon yo ki te bloke aprè fayit 2èm somè ant 2 lidè yo ki te dewoule nan vil Hanoy, Peyi Vyetnam, nan mwa fevriye 2019 la.

XS
SM
MD
LG