Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Lwa nan Kiba Pral Pèmèt Sitwayen yo Achte Kay nan Peyi a


Yon Nouvo Lwa nan Kiba Pral Pèmèt Sitwayen yo Achte Kay nan Peyi a
Yon Nouvo Lwa nan Kiba Pral Pèmèt Sitwayen yo Achte Kay nan Peyi a

Kiba fè konnen li pral pèmèt sitwayen ni yo achte e vann kay pou premye fwa nan plis ke 50 tan.

Jounal ofisyèl kiben an, Granma, anonse nouvèl sa a; li ajoute mezi sa a pral aplike pou sitwayen ak rezidan pèmanan peyi Kiba.

Nouvo lwa sa a ki pral antre ann aplikasyon nan dat 10 novanm k ap vini an fè pati yon seri refòm Prezidan Raul Castro ap fè nan kad efò ki sou pye pou relanse ekonomi zile kominis la.

Anba nouvo lwa sa yo, Kiben yo pral kapab pwosede yon kay pou yo rete avèk yon dezyèm kay.

XS
SM
MD
LG