Nan peyi Kiba, Prezidan Raul Castro anonse gouvènman l lan pral redui patisipasyon l nan afè ekonomik peyi a e li pral pèmèt plis lòt kiben mete sou pye pwòp bisnis yo e anplwaye plis travayè.
Mesye Castro di dimanch 1er out la , objektif yo vize a se kreye travay pou plis pase yon milyon travayè gouvènman an ki pral pèdi djòb yo.
Lidè kiben an fè deklarasyon sa yo pandan yon sesyon ki dewoule 2 fwa pa ane devan Asanble Nasyonal la.
Prezidan Castro pa di konbyen lisans pou biznis gouvènman an pral delivre.