Accessibility links

Breaking News

Kiba: Pati Kominis la Pral fè Premye Kongrè l Nan 13 An Ane Pwochèn


Nan Kiba , Prezidan Raul Castro deklare Pati Kominis la k ap dirije peyi a pral òganize yon kongrè nan mwa davril la , premye kongrè pati a nan Kiba depi 1997 .Mesye Castro di lidè nasyon an pral rankontre pou kanpe yon nouvo plan ekonomik pou peyi a .

Prezidan an fè anons la apre yon rankont lendi 9 novanm 2010 la avèk prezidan venezuelyen an Hugo Chavez. Te gen anpil koze ki t ap sikile kòmkwa avni Fidel Castro ap nan sant kongrè Pati Kominis la, sepandan Raul Castro pa mansyone non gran frè l lan lendi a. Fidel Castro 84 tran te demisyone kòm prezidan Kiba an 2006, men li rete nan tèt Pati Kominis la.

XS
SM
MD
LG