Responsab ameriken nan Tampa (Eta Florid) anonse Kiba otorize trafik aeryen ant vil la ak kapital kiben an, La Avàn. Vòl sa yo ap kòmanse 10 septanm k ap vini la a.
Chèf egzekitif Aewopò Entènasyonal Tampa a, Joe Lopano, fè konnen yon deklarasyon ki soti mèkredi 27 jiyè 2011 la, trafik entènasyonal sa a ant La Avàn ak Tampa ap genyen yon enpak pozitif pou ekonomi vil la.
Mesye Lopano di anons sa a se yon gwo nouvèl pou kominote amerikano-kiben an.