WASHINGTON —
Yo antere sann kadav ansyen lidè kominis Fidel Castro nan lès Kiba byen bonè dimanch maten 4 desanm 2016 la apre otorite yo te dekrete 9 jounen dèy sou tout teritwa peyi Kiba.
Seremoni prive a te fèt ala dènyè minit nan simityè Santa Ifigenia. Jounalis ki te soti toupatou nan mond la pou kouvri seremoni an pat gen aksè e yo pat kapab rive nan zòn simityè a.
Fidel Castro se te yon lidè popilè. Anpil moun konsidere l kòm yon gwo chanpyon nan defann moun ki pòv. Genyen anpil lòt moun tou ki konsidere Castro tankou yon tiran ou byen yon diktatè ki kraze ekonimi peyi Kiba epi vyole dwa moun. Otorite kiben yo te anonse lanmò Fidel Castro jou ki te 25 novanm 2016 la apre sante li te fin deteyore. Li te gen 90 zan.
Sann kadav ansyen lidè a, Fidel Castro, te rive samdi 3 desanm nan Santiago, vil kote li te kòmanse revolisyon kibèn nan an 1953. Fidel Castro te pran pouvwa an 1959.
Aktyèl prezidan Kiba a, Raoul Castro, ki tap adrese l ak plizyè milye moun nan vèy defen an nan samdi swa, deklare gouvènman kiben an ap kenbe pwomès li, jan Fidel Castro te mande l la, pou yo pa kreye oubyen bay oken moniman pote non defen an.
Nan vèy ki te fèt samdi swa a, moun te ka remake prezans kèk alye ak zanmi ansyen lidè kominis la tankou prezidan peyi Venezuela a, Nicolas Maduro, ak ansyen foutbolè ajanten byen koni Diego Maradona.
Raoul Castro te ranplase frè li Fidel kòm prezidan peyi Kiba depi fevriye 2008. Li pwomèt pou l kite pouvwa a nan lane 2018.