Plis pase yon semenn apre Sena ayisyen an te ratifye Premye Minis Garry Conille, 6 jou apre nominasyon an fin parèt nan Le Moniteur, okenn dat poko chwazi pou Misye Conille prezante "enonse politik jeneral" li devan palmantè yo. Se yon etap enpòtan pou ratifikasyon Premye Minis la vin efektif, puiske palmantè yo kapab aksepte ou rejte pwogram gouvènman Doktè Conille va mete devan yo a. Sanble ta gen yon mezantant ant kèk palmantè ak prezidans la sou kesyon pou konnen kijan pwochen kabinè ministeryèl la pral fòme -se sa ki ta bloke prezantasyon politik jeneral la