Accessibility links

Breaking News

KEP a ap Bay Yon Konferans Pou Laprès Vandredi 27 Out la


Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap bay yon konferans poulaprès a 11zè di maten lè Ayiti, kote li pral abòde kesyon ki gen rapò ak pwosesis elektoral la. San di pètèt, youn nan kesyon kle KEP a pral konsidere, se reyaksyon ki tonbe aprè piblikasyon lis kandida li otorize patisipe nan prezidansyèl 28 novanm nan; paske genyen 15 sou 34 kandida ki pa sou lis sa a.

Youn nan kandida KEP a ekate nan kous la, Claire Lydie Parent, aktyèl majistra kominal Petion Ville la, fè konnen li te gen pou l fè anpil demach, pèsonèlman e atravè avoka li, pou li wè si KEP a ta ajoute non n sou lis la, paske li gen konviksyon li satisfè tout kondisyon lalwa poze pou li patisipe nan kous prezidansyèl la.

Madam Parent akize KEP a dèske li mete zanmitay ak patipri ranplase règleman ak prensip lè l t ap pran desizyon an pou konnen kilès ki ka patisipe, kilès ki paka patisipe nan eleksyon novanm pwochen an.

Sou pwosesis elektoral la, Jean Pierre Leroy pale ak Clarens Renois, tandiske Serge Miche fè yon entèvyou ak Majistra Claire Lydie Parent

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyou Jean Pierre Leroy ak Clarens Renois, epi yon entèvyou Serge Michel ak Lydie Parent.

XS
SM
MD
LG