Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Kenneth Merten Swete Ayiti Kontinye Kreye Kondisyon pou Kwasans Ekonomik


Entèvyou ak Anb. Kenneth Merten
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:06 0:00

Sou-sekretè Adjwen nan Depatman Deta Ameriken, Kenneth Merten, ki tap patisipe nan emisyon Radyo sou Televizyon Lavwadlamerik, 4 desanm 2017 la, te abòde nan mikwo Jacquelin Belizaire kesyon sa yo: Dènye vwayaj li te fè ann Ayiti a, relasyon Ayiti ak Etazini, kesyon retou Lame Dayiti a, ak resan vizit Prezidan Ayisyen Jovenel Moise nan Karakas, Kapital Venezuela a.

Sou dènye vwayaj Sou-Sekeretè ameriken Kenneth Merten te fè ann Ayiti nan mwa doktòb pase a, diplomat la di li te al patisipe nan yon reyinyon nan Pak Endistriyèl Karakòl la ki genyen anviwon 13 mil moun kap travay ladan. Anbasadè Merten ajoute, “ Koridò Nòdès la kapab reprezante yon gwo motè pou kwasans ak devlopman ann Ayiti. Souwè mwen se pou pwogrè kontinye fèt nan domèn kreyasyon travay la.”

En menm tan, Sou-sekretè Adjwen Merten fè konnen li te rankontre ak plizyè manm nan klas politik la tankou plizyè senatè ayisyen e ak Premye minis Jack Guy Lafontant plis lòt otorite nan gouvènman an.

Anbasadè Merten di li te pwofite okazyon an pou fè echanj dide ak otorite yo kote li ankouraje yo pou yo "fè sa yo kapab fè " pou atire envestisman ann Ayiti epi ankadre envestisè yo, etranje kou lokal yon fason pou sosyete sa yo kapab kreye plis travay nan peyi a.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou plis detay sou entèvyou Lavwadlamerik ak Sou-sekretè Adjwen Depatman Deta Ameriken Kenneth Merten.

XS
SM
MD
LG