Accessibility links

Breaking News

Konsèy-Kowonaviris: Kijan pou w Netwaye yon Chanm, yon Kay, yon Biwo Piblik ou Prive pou Bloke Pwopagasyon Maladi a


Teknisyen lasante k ap netwaye yon estasyon tren nan peyi Lachin jedi 18 jen 2020 an. (Foto AP/Chen Zhonghao, nan vil Xinhua).
Teknisyen lasante k ap netwaye yon estasyon tren nan peyi Lachin jedi 18 jen 2020 an. (Foto AP/Chen Zhonghao, nan vil Xinhua).

Pou sa ki konsène maladi kowonaviris la, men kèk rekòmandasyon ki kapab ede redui risk pou anplwaye yon biwo oubyen yon biznis ak lòt moun tonbe malad apre responsab biwo oubyen biznis sa a fin fè netwaye oubyen dezenfekte kote sa a.

1.- Chache wete tout ti moso kapèt/tapi (oubyen t kapèt la –tout tapi a- nèt) nan sal la; konsavnesesite pou w vacuum planche a pral diminye;

2.- Itilize vacuum ki sèvi ak filtè ki efikas anpil (espesyalis yo rele sa “filtè H-E-PA) si yo disponib nan zòn kote w ap viv la;

3.- Pa vacuum yon sal, oubyen tout kay la, oubyen ankò tout bilding nan pandan gen moun ladan l. Rete tann sal la, kay la oubyen bilding nan vid anvan pou w vacuum li. Pou yon biwo oubyen yon biznis anpil moun ap frekante, rete tann nanuit; epi w a fè sa pandan lajounen pou yon sal prive oubyen yon kay;

4.- Se pou w etenn tout vantilatè oubyen èkondisyone ki nan sal la, nan kay la oubyen nan bilding nan, yon fason pou ti patikil- k ap chape sòt nan vacuum nan pa sikile tout kote, sa ki ka ogmante chans pou moun ki respire lè a trape viris ki bay maladi kowonaviris la

XS
SM
MD
LG