Accessibility links

Breaking News

Etazini Jistis: Nominasyon Jij Brett Kavanaugh nan Kou Siprèm nan Toujou an Sispan


Jij Brett Kavanaugh, kandida pou yon plas nan Kou Siprèm Etazini an, ki t ap koute pandan seyans depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a nan kad pwosesis retifikasyon li. (Foto: Dosye, Kongrè a nan Washington, 4 septanm 2018).
Jij Brett Kavanaugh, kandida pou yon plas nan Kou Siprèm Etazini an, ki t ap koute pandan seyans depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a nan kad pwosesis retifikasyon li. (Foto: Dosye, Kongrè a nan Washington, 4 septanm 2018).

Ozetazini, yon dam ki akize Jij Brett Kavanaugh deske li te fè yon atak seksyèl sou li lè yo tou lè 2 te nan lise, deside pou l al fè depozisyon devan yon komisyon Sena ameriken an, daprè sa avoka dam sa a di asistan manm komisyon an jedi 20 septanm 2018 la.

Jounen jodi a dam sa a, ki rele Christine Blasey Ford, se yon pwofesè sikoloji nan Inivèsite Kalifòni. Daprè nouvèl ki parèt nan laprès, avoka li yo deklare akizatris la “pare pou l fè depozisyon li semèn pwochèn nan” a kondisyon pou manm komisyon sentoryal la ba li asirans tout bagay pral fèt yon fason onèt e san patipri, e pou yo garanti sekirite li tou.


Komisyon Afè Jiridik Sena a te fikse seyans depozisyon an pou lendi pwochen e yo te envite pwofesè Ford prezante pou l di kisa ki, daprè li, te rive an 1982 nan yon fèt ki te dewoule nan yon katye tou prè vil Washington kote manmzèl di Jij Kavanaugh –ki te gen 17 tan lè sa a e ki te “sou kou pipirit”- te eseye kloure li sou yon kabann epi li te manyen li yon fason ki pat nòmal. Madanm Ford –ki te gen 15 zan, li menm- di li te pè pou lavi li; men finalman li te rive chape poul li.

Avoka Madam Blasey Ford yo fè konnen “li pa posib pou kliyan yo a rann temwayaj li lendi pwochen an epi, de tout fason, ensistans manm komisyon a pou depozisyon an dewoule jou sa a menm, se yon bagay abitrè.”

Daprè avoka yo toujou, sa Madam Ford ta plis renmen se pou yon ankèt total-kapital ta dewoule dabò anvan pou l fè depozisyon li. Sepandan ekip k ap defann akizatris la pa ale jiska egzije pou FBI mennen yon ankèt sou dosye a; dayè sanble yo vle fè konprann pwofesè a ta dispoze pale ak manm komisyon an menmsi yon ankèt konsa pa fèt.

Dam Ki Akizè Nomine Kou Siprèm nan pou Movèz Konduit Seksyèl Gen pou Temwaye Devan Sena Ameriken an
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:54 0:00



Prezidan komisyon an, Senatè Charles Grassley, bay Christine Blasey Ford jiska vandredi 21 septanm 2018 a kòm delè pou l fè konnen si wi ou non l ap vin rann temwayaj li. Sepandan avoka li yo voye bay manm komisyon an yon imèl ki sanble ouvè chemen an pou negosyasyon fèt sou kesyon pou konnen eske akizatris la pral prezante ou non devan komisyon an ki gen 21 manm: 11 Repibliken avèk 10 Demokrat.

XS
SM
MD
LG