Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Seyans Depozisyon Kòmanse nan Sena a sou Dosye Doktè Ford kont Jij Kavanaugh


Doktè Christine Blasey Ford, yon pwofesè ki akize Jij Brett Kavanaugh deske li te komèt atak seksyèl sou li.
Doktè Christine Blasey Ford, yon pwofesè ki akize Jij Brett Kavanaugh deske li te komèt atak seksyèl sou li.

Isit Ozetazini, premye fi ki akize jij Brett Kavanaugh deske li te komèt yon atak seksyèl sou li sa gen plizyè dizèn dane, fè depozisyon detaye e chaje ak emosyon, jedi 27 septanm 2028 la, devan komisyon afè jiridik Sena a kote li fè konnen li te panse Misye Kavanaugh ta pral touye li pa aksidan nan moman atak seksyèl la t ap dewoule a. Jij Kavanaugh se yon kandida Prezidan Donald Trump chwazi pou yon plas nan Kou Siprèm nan.

Non dam sa a se Christine Blasey Ford. Li di li sonje, an 1982, li te ale nan yon fèt kote Brett Kavanaugh te prezan tou ansanm avèk yon zanmi misye ki rele Mark Judge ak kèk lot zanmi li. Akizatris la ajoute, daprè sa li sonje, Kavanaugh ak Judge te fèmen li nan yon chanm epi Kavanaugh te monte sou li pa lafòs. Christine Ford di :

"Mwen te eseye rele pou m mande sekou. Lè m te rele, Brett te mete men li sou bouch mwen. Se sa ki te fè m pi pè a e ki kite pi gwo mak sou mwen. Li te difisil pou m respire; mwen te panse Brett ta pral touye m pa aksidan. Mark ak Brett te sou e yo t ap ri.'

Brett Kavanaugh pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a.
Brett Kavanaugh pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a.

Madam Ford di Brett Kavanaugh te eseye wete rad sou li; men sa te difisil pou l fè paske misye te sou anpil. Yon lòt rezon ki fè l pa t ka wete rad la, sè paske manmzèl te gen yon mayo-de-ben anba wòb li.

Pi ta, toujou nan jounen jedi a, seyans depozisyon an te kontinye devan manm Komisyon Afè Jiridik Sena a; e sete tou pa Jij Kavanaug pou l te fè depozisyon li.

Kolaboratè nou Jean Robert Philippe t ale chache konnen opinyon kèk senp sitwayen ameriken sou dosye sa a.

Opinyon Kèk Sitwayen Ameriken sou Ratifikasyon Jij Brett Kavanaugh pou Kou Siprèm nan
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:14 0:00

XS
SM
MD
LG