Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch Di li Pap Antre nan Detay sou Ankèt FBI sou Jij Nomine Kou Siprèm nan Brett Kavanaugh


Jij nomine pou kou Siprèm nan Brett Kavanaugh
Jij nomine pou kou Siprèm nan Brett Kavanaugh

Mezon Blanch fè konnen li pap antre nan detay pou jere ankèt sou akizasyon move konduit seksyèl kont jij ki an nominasyon pou Kou Siprèm Etazini an an Brett Kavanaugh pandan gen kè sote bò kote Demokrat yo komkwa ankèt la ka pa tcheke anpil bagay.

Ni Misye Kavanaugh ni Madam Ford te temwaye yo chak tewaye devan sena a, jedi 27 septanm 2018 pase a. Pwofesè Ford te deklare li sèten 100 pousan ke Jij Kavanaugh te fè vwadfè seksyèl sou li lè yo tou le 2 te adolesan nan lekol segondè an 1982, men jij deziye pou Kou siprèm nan demanti akizasyon an ak kolè.

Dimanch 30 septanm 2018 la, kondisip Jij Kavanaugh nan Inivèsite Yale, Chad Ludington, te bay yon deklarasyon komkwa jij la te bwè anpil lèl te lekòl kote li te kon gen yon konpòtman trè vyolan lè l sou.

XS
SM
MD
LG