Accessibility links

Breaking News

Politik USA: Rapò Ankèt FBI sou Jij Kavanaugh la Pare / Sena a Pral Vote


Lokal Kongrè Lèzetazini an.
Lokal Kongrè Lèzetazini an.

Ozetazini, nominasyon Jij Brett Kavanaugh pou okipe yon plas nan Kou Siprèm nan ap pran direksyon yon vòt final pa pi ta ke byen bonè samdi 6 oktòb 2018 la.. Sepandan, anvan vòt sa a dewoule senatè yo gen pou yo pa an revi yon rapò FBI prepare aprè li te mennen ankèt sou akizasyon kòmkwa kandida a te komèt atak seksyèl sou yon dam lè yo te jennjan (yo potko gen 20 tan) plis yon lòt akizasyon kòmkwa yon Kavanaugh -ki te jenn toujou- te ekspoze kò li yon fason endesan devan yon lòt dam lè yo te nan inivèsite. Misye Kavanaugh rejte akizasyon sa yo.

Pandansetan lidè majorite repibliken an nan Sena a, Mitch McConnell, deklare yon vòt sou konfimasyon Jij Kavanaugh pou yon plas nan pi gwo tribinal sou teritwa ameriken an pral dewoule vandredi a. Avèk deklasyon sa a Senatè McConnell fè mèkredi 3 oktòb la, li pare chemen an pou vòt la dewoule san li pa di anyen sou rapò ankèt FBI fè sou akizasyon k ap peze sou do kandida a.

Jij Brett Kavanaugh pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a nan Kapitòl nan Washington, 27 sept. 2018.
Jij Brett Kavanaugh pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a nan Kapitòl nan Washington, 27 sept. 2018.

Komisyon Afè Jiridik Sena a te vote pou apiye nominasyon an semèn pase a avèk 11 vwa pou e 10 vwa kont. Rezilta ankèt la pa sipoze parèt an piblik. Aprè rapò FBI la te rive nan Kongrè a, Senatè McConnell fè anons sa a:

"Pral genyen ase tan pou manm Sena a pase rezilta ankèt la an revi epi resevwa yon kont-randi a l'oral sou dokiman siplemantè yo anvan yon vòt final fèt vandredi. Alòs mwen pral soumèt aswè a menm pyès ofisyèl ki nesesè pou m mande yon vòt final sou nominasyon Jij Kavanaugh la yon fason pou pwosesis la kapab avanse."

Okenn manm demokrat Sena a pa di si yo pral apiye nominasyon Jij Kavanaugh la tandiske gen 3 manm repibliken-kle ki poko presize nan ki sans yo pral vote. Si Jij Brett Kavanaugh jwenn konfimasyon Sena a, li pral ranplase Jij Anthony Kennedy ki pran retrèt li. Annatandan pi gwo tribinal Lèzetazini an ap fonksyone avèk 8 manm.

XS
SM
MD
LG