Accessibility links

Breaking News

Katajèn Pare pou Dewoulman 6èm Somè Dèzamerik la


6èm Somè Dèzamerik - Yon plisye ap bay Sekirite
6èm Somè Dèzamerik - Yon plisye ap bay Sekirite

Tèm Somè Dèzamerik la ane sa a se <<Ann konekte peyi nou yo - An n fè patenarya pou pwosperite>>

Tout bagay pare nan Katajèn, ki nan pati nò peyi Kolonbi, pou dewoulman 6èm Somè Dèzamerik la. An tou ka se deklarasyon Minis Afè Etranjè kolonbyen an, Madam Maria Anglea Holguin, nan yon pwen de près li bay mèkredi 11 avril 2012 la. Chèf diplomasi kolonbyèn nan kontinye pou l di -nap site:

<<Balon an kòmanse woule, li pap kanpe. Mwen si e seten vil Katajèn an patikilye ak peyi Kolonbi an jeneral pare pou yo reyalize gwo siksè sa a…>> fen sitasyon.

Nap raple tèm somè a ane sa a se: <<Ann konekte Amerik yo --- ann fè patenarya pou pwosperite.>>

Bò kote pa l, Presidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, rankontre ak laprès mèkredi pandan li tap resevwa kòlèg chilyen li, Sebastian Piñera, ki tap debake nan Katajèn. Misye Piñera se premye mandatè etranje ki rive nan vil syèj 6èm Somè Dèzamerik la kote li deklare li vini pou l atire atansyon sou nesesite pou lidè mondyal yo panche yo sou sò moun pòv yo, konbat grangou ki menase anpil rejyon sou planèt la -san bliye divès rejyon nan Amerik yo- epi konbat inegalite nan sosyete nou yo.

Pou n tounen sou Presidan peyi òganizatè a, Juan Manuel Santos, li pale pou l di kisa li panse ki ta dwe fèt pandan 2 jou somè a, samdi 14 ak dimanch 15 avril kap vini la. Prezidan Santos di:

<<Mwen panse li nesesè, nan moman nap viv la, pou n pran towo a nan kòn li (si m ka pale konsa) pou n kòmanse yon diskisyon. Men, diskisyon map pale a, se diskisyon pou konnen kijan pou n tanmen diskisyon an. E sa m espere nan somè sa a, se pou tout omwen nou rive pwolonje limye vèt, <<feu vert>> nou bezwen pou n fè diskisyon sa a. Isit la pèsonn pa pral pran okenn pozisyon pèsonèl ni vini ak okenn pwopozisyon prepare davans. Sa n pral fè la a, se lanse diskisyon an e mwen panse se yon diskisyon lemond bezwen.>>

Vandredi 13 avril la, yon jou anvan somè a kòmanse, chèf diplomasi kolonbyèn nan, Maria Angela Holguin, ak kolèg amerikèn li a, Sekretè Deta Hillary Clinton, pral prezide yon fowòm kote yo pral pale, antwòt, de wòl lidè medam yo ka jwe nan peyi yo pandan 21èm syèk la.

Prezidan Barack Obama, kap rive vandredi, ap pase 2 nuit nan Katajèn. Pwogram nan prevwa lidè ameriken an ap kite Kolonbi dimanch nan kòmansman apremidi apre fen somè a e apre li va genyen yon rankont an tèt-a-tèt avèk kòlèg kolonbyen li, Juan Manuel Santos.

Kantapou lidè venezuelyen an, Hugo Chavez, jous jedi maten toujou te genyen pwen dentewogasyon sou patisipasyon li: Prezidan Santos te deklare nan lavèy, dapre kontak li te genyen ak ofisyel venezuelyen yo, tout bagay ta pral depann de konsèy doktè Misye Chavez va ba li. Men jedi apremidi, Lavwadlamerik resevwa nouvèl ofisyèl ki di Misye Chavez ap vini Katajèn vadredi pou l patisipe nan sesyon samdi a sèlman.

J. Lyonel Desmarattes
Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl VOA.
Katajèn, Kolonbi, syèj 6em. Somè Dèzamerik
XS
SM
MD
LG