Accessibility links

Breaking News

Karavàn Santwo-Ameriken an Estasyone sou Fwontyè Etazini ak Meksik la.


Kèk manm Karavàn nan avèk yon pannkat ki di: "Azil se yon dwa." Yo rive sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik.
Kèk manm Karavàn nan avèk yon pannkat ki di: "Azil se yon dwa." Yo rive sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik.
Yon gwoup 150 migran ki sòti nan Amerik Santral la twouve yo nan yon sitiyasyon trè delika nan yon zòn pasaj sou fwontyè amerikano-meksiken an apre enspektè Sèvis Ladwann ak Imigrasyon Lèzetazini te deklare pò-dantre kote yo vini an pa gen ase espas pou resevwa yo tout.
Migran sa yo --ki vwayaje nan yon karavàn pou yo eseye jwenn azil Ozetazini- pran pozisyon, nan jounen dimanch 29 avril la, nan yon pwen-pasaj ki tou prè vil Tijuana, o Meksik, tandiske kèk nan yo twouve yo nan yon pwen-dantre ant 2 peyi yo. Nan dimanch, otorite ameriken yo te anpeche migran yo antre nan lokal imigrasyon ki nan ti vil San Ysidro, paske, daprè otorite yo, "li deja ranpli ak moun", pa gen plas ankò.
Pèsonn poko konnen egzatteman konbe tan manm karavàn nan pral gen pou yo tann anvan pou ofisyèl Sèvis Ladwann ameriken ak responsab patwouy sou fwontyè a kapab wè yo.
Prezidan Donald Trump ki t ap reponn kesyon nan yon konferans pou laprès li bay avèk Prezidan Nijerya a, Muhammad Buhari.
Prezidan Donald Trump ki t ap reponn kesyon nan yon konferans pou laprès li bay avèk Prezidan Nijerya a, Muhammad Buhari.

Pandan Prezidan Donald Trump t ap pale nan yon konferans pou laprès li bay lendi ansanm avèk Prezidan peyi Nijerya a, Muhammadu Buhari, ki t ap vizite Washington, li di li konsidere lwa ameriken sou imigrasyon yo kòm "yon dezas total"; li ajoute "moun ap pase lwa sa yo nan betiz, paske yo stipid e rizib." Youn nan kesyon laprès poze M. Trump yo te gen rapò ak fason li wè operasyon karavàn nan. Lidè ameriken an reponn ak yon deklarasyon li te fè plizyè fwa deja:

"Nou dwe genyen bon jan fwontyè; si nou pa gen fwontyè, nou pa genyen yon peyi." Prezidan ameriken an pa reponn kesyon jounalis ki te mande li konbyen moun nan karavàn nan li panse otorite yo ta dwe kite antre Ozetazini.
Oganizatè karavàn nan fè konnen yo ta remen wè moun ki pi vilnerab yo travèse fwontyè a an premye --moun tankou timoun ki anba menas. Gwoup la -ki gen plizyè santèn moun ladan n- pase anviwon yon mwa ap deplase a-pye pou yo travèse tèritwa meksiken an. Gen anpil timoun ak fanm pami yo; yo sòti nan peyi Ondiras, Gwatemala ak Salvadò.



XS
SM
MD
LG