Accessibility links

Breaking News

Karavàn Migran Santwo-Ameriken an kontinye Avanse sou Lèzetazini


Yon pati nan karavàn ki sòti nan Amerik Santral la pou antre Ozetazini.
Yon pati nan karavàn ki sòti nan Amerik Santral la pou antre Ozetazini.

Plizyè santèn imigran santwo-ameriken kòmanse rive nan vil meksikèn Tijuana ki tou prè fwontyè Etazini avèk Meksik la. Daprè objektif migran sa yo, pwochen etap la se yon chans pou yo mande azil Ozetazini.

Anpil pami 800 imigran santwo-ameriken ki deja nan Tijuana di plis migran pral rive nan jou k ap vini la yo pandan y ap tann pou yo konnen ki fason ki pi bon pou yo mande azil. Kèk pami yo te manifeste kontantman yo lè yo te rive devan kloti an fil-de-fè sòlda ameriken yo enstale pou anpeche imigran sa yo travèse fwontyè a ilegalman

Edward Edgar Arias Bernal, ki sòti Ondiras, di li santi l byen, li santi li pi byen e li kontan poutèt li menm ak lòt yo pral konnen lajwa, yo pral gen travay ak yon vi tou nèf aprè y o va fin travèse fwontyè a.

Sòlda k ap enstalse fil-de-fè sou fwontyè Etazini-Meksik la pou anpeche migran yo antre sou tèritwa ameriken an.
Sòlda k ap enstalse fil-de-fè sou fwontyè Etazini-Meksik la pou anpeche migran yo antre sou tèritwa ameriken an.

Nan jou k ap vini la yo, anviwon 4 mil imigran Ondiryen pral chanje aspè panorama a nan Tijuana ak zòn ki alantou l yo tèlman pral gen aktivite.

Prezidan Donald Trump deplwaye plizyè milye solda nan zòn nan pou yo al kore travay gad fwontalyè yo te deja ap fèsou fontyè a, poutèt li konsidere karavàn nan kòm yon envazyon tèritwa ameriken an. Nan vil El Paso del Norte, ki sitiye ant Meksik ak Etazini, yon group 200 imigran ap tann anba gwo fredi chans pou yo mande azil Ozetazini pou yo kapab antre nan peyi a legalman. Youn pami yo se Vilma Mendez Moralez, moun Gwatemala. Li fè konnen:

"Pwosesis sa a di anpil e li fè frèt isit la. Lè gen solèy, li cho anpil e pa gen lonbraj. Men nou la. Lavi a di, men n ap kontinye avanse."

Kantite imigran ki gen pou yo rive sou fwontyè a soulve kesyon pou konnen ki longè tan sa pral pran avan pou responsab imigrasyon ameriken yo fin analize tout demand dazil yo. Men opinyon Illiana Holguin, yon avoka imigrasyon.

"Imigran sa yo fè egazakteman sa lalwa mande : sètadi yo prezante nan yon pòs ofisyèl pou yo mande azil ak posibilite swa pou otorite yo mete yo nan prizon, swa pou yo libere yo sou kondisyon epi kite yo antre Ozetazini."

Yon gwoup migran santwo-ameriken yo ki te rive nan yon azil nan vil Tijuana, o Meksik, jedi 14 novanm 2018 la. Yo pa lwen vil San Diego, Ozetazini.
Yon gwoup migran santwo-ameriken yo ki te rive nan yon azil nan vil Tijuana, o Meksik, jedi 14 novanm 2018 la. Yo pa lwen vil San Diego, Ozetazini.

Shaw Drake se yon responsab sendikal. Pandan li t ap analize sitiyadyon an, li deklare daprè lalwa, "tout moun ki travèse fwontyè a gen dwa pou yo mande azil si yo kapab pwouve lavi yo ta an danje si yo retounen nan peyi l. Si yon fanmi gen timoun ak li, li pa bezwen pè pou timoun sa yo rete nan prizon lontan, paske lalwa amerikèn entèdi otorite yo mete timoun nan prizon pandan plis pase 20 jou."

Nan moman karavàn nan ap rapwoche tèritwa ameriken an, administrasyon Trump la pa ekate posibilite pou l ogmante kantite sòlda ki ale pran pozisyon sou fwontyè a pou efektif la monte rive jiska 15 mil, si posib, menm si espesyalis yo di yo konsidere prezans sòlda yo nan zòn nan kòm yon solisyon tanporè.

XS
SM
MD
LG