Accessibility links

Breaking News

Kantite Limite Patisipan nan yon Meeting Prezidan Trump-Reyaksyon Responsab Kanpay la.


Prezidan Donald Trump ki t ap pale nan premye meeting pati l la òganize depi 3 mwa nan vil Tulsa, Eta Oklahoma, samdi 20 jen 2020. (Foto: AP/Sue Ogrocki).
Prezidan Donald Trump ki t ap pale nan premye meeting pati l la òganize depi 3 mwa nan vil Tulsa, Eta Oklahoma, samdi 20 jen 2020. (Foto: AP/Sue Ogrocki).

Responsab kanpay elektoral Prezidan Donald Trump yo pale dimanch 21 jen 2020 an pou yo eseye eksplike rezon ki fè. nan yon meeting de mas yo te òganize samdi a pou prezidan an, pa t genyen tout moun yo te prevwa ki ta pral asiste meeting nan. Se premye gwo rankont popilè konsa yo mete sou pye depi 3 mwa akoz konfinman kowonaviris la.

Responsab yo fe konnen sa k lakoz pa t genyen anpil moun nan meeting nan, se travay radio ak televziyon fake news yo (radyo ak televizyon k ap bay fo nouvèl yo) e ki t ap plede di moun yo te gen risk pou yo trape viris la si yo t ale asiste evennman an epi li te posib pou pwotestasyon pete nan okazon an. Se sa ki, daprè yo, te lakoz moun yo rete lakay yo, yo pa t vini nan meeting de mas la.

Rankont la te dewoule nan yon gwo stad nan vil Tulsa, nan Eta Oklahoma, ki rele Arèn BOK e li gen plas pou 19 mil moun. Men, nan sware samdi 20 jen an, sanble sete apèn plis pase mwatye plas yo ki te ranpli menmsi, semèn pase a, responsab kanpay prezidan an te bat lestomak yo pou di yon milyon moun te deja enskri pou yo reponn prezan nan stad la. Menm yo menm ankò rekonèt se anviwon 12 mil moun ki te pase anba aparèy detektè pou yo te asiste meeting nan. Yon lòt kote, responsab kanpay la te gen pou yo anile yon lot meeting ki te sipoze dewoule an plennè, tounen nan vil Tulsa, paske pa t gen ase moun ki te prezane alòske, nan stad kote premye meeting nan dewoule, tout tribin santral la te rete preske vid.

Yon elektè nwa-ameriken ki apiye kandida Donald Trump, pote yon pannkat ki reprann slogan prezidan an: "Ann rebay Lezetazii grandè li ankò." (Foto: Rojters/Leah Millis).
Yon elektè nwa-ameriken ki apiye kandida Donald Trump, pote yon pannkat ki reprann slogan prezidan an: "Ann rebay Lezetazii grandè li ankò." (Foto: Rojters/Leah Millis).

Kantapou patizan Prezidan an ki te reponn prezan nan rankont la, Misye Trump pa t make vide slogan politik nan zòrèy yo pandan preske 2 zedtan. Se pa ti kritik li pa vide sou opozan demokrat li a, ansyen Vis Prezidan Joe Biden; menm jan si lanse kek atak sou moun li konsidere kom “manifestan radikal gochis” ki te pwoteste, semèn pase yo, kont britalite lapolis Ozetazini, epi li lage sou do Peyi Lachin responsablite deske se li ki lakoz pwopagasyon sa prezidan ameriken an rele “grip Kung Flou ou grip chinwaz la”, swa ekspresyon li abitye itilize pou l pale de pandemi kowonaviris la ki touye preske 120 mil moun Ozetazini epi enfekte plis pase 2 milyon 200 mil lòt nan peyi a.

XS
SM
MD
LG