Accessibility links

Breaking News

Kanaval 2011 la Ann Ayiti


Yon moun maske k ap pase devan Palè Nasyonal la Pòtoprens
Yon moun maske k ap pase devan Palè Nasyonal la Pòtoprens

Kanaval 2011 la ann Ayiti pa atire anpil patisipan kontrèman ak ane avan tranblemanntè 12 Janvye 2010 la. Sektè prive a --ki te konn finanse aktivite patisipan nan kanaval la tankou gwoup mizikal yo-- chwazi pou l pote kontribisyon n pito nan 2èm tou eleksyon yo— peye reprezantan kandida nan biwo d vòt yo epi bay pati politik k ap patisipe nan eleksyon lejislativ yo yon asistans finansye.

Gouvènman an, bò kote pa l, envesti sèlman 50 milyon goud pou asiste gouvènman lokal yo nan ede òganize festivite pandan 3 jou banbòch yo. Mwatye nan lajan an al jwen Meri Pòtoprens. Plizyè sektè kwè Ayiti pat dwe òganize kanaval ane sa a e responsab yo te dwe sèvi ak lajan an pou asiste moun k ap viv anba tant yo depi tranblemanntè 12 Janvye 2010 la. Nouvèl depaman tonbe sou kantite moun ki blese ou mouri pandan 2 premye jou selebrasyon yo. Pòt Pawòl Polis Nasyonal la Komisè Frantz Lerebourg fè yon bilan pwovizwa sou kantite arestasyon ki fèt pou dimanch ak lendi.

Responsab lasante yo pwofite okazyon an pou sansibilize popilasyon an sou prekosyon yo dwe pran kont maladi k ap sakaje peyi a tankou Kolera. Kanaval la ap dewoule na moman peyi a ap pare pou òganize yon 2èm tou eleksyon.

Menm lè kandida yo pa mennen kanpay dirèkteman nan kanaval la, sa pa anpeche sipòtè kandida RDNP a Mirlande Manigat ak patizan kandida Repons Peyizan an, Michel Martelly, chante slogan epi pote mayo ak foto kandida yo nan pakou kanaval la. Òganizasyon fanm yo, bo kote pa yo, òganize manifestasyon pou make jounen entènasyonal fanm yo.

XS
SM
MD
LG