Accessibility links

Breaking News

Kanada-Chin-Etazini: Avoka Madam Meng Wanzhou Mande pou Libere l sou Kosyon Plizyè Milyon Dola


Madan Meng Wanzhou,responsab telekominikasyon chinwa ki rele Huawei.
Madan Meng Wanzhou,responsab telekominikasyon chinwa ki rele Huawei.

Yon tribinal o Kanada gen pou l rekomanse tande madi 11 desanm 2018 la dosye yon gwo responsab telekominikasyon chinwa pou detèmine si wi ou non yo dwe libere akize a sou kosyon nan moman lap tann esktradisyon li nan direksyon Etazini, kote lap fè fas ak akizasyon magouy finansyè.

Avoka defans madan Meng Wanzhou a mande pou yon tribinal nan vil Vancouver itilize yon kosyon plizyè milyon dola ak aparèy siveyans elektwonik pou asire yo ke kliyan yo a pap sove.

Patizan ak opozan Madan Meng yo te rasanble tou prè tribinal la pou eksprime fason panse yo sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG