Accessibility links

Breaking News

Repons Kesyon: "Eske Gen Danje si Mwen Touche Kadav yon moun Kowonaviris Touye?


Yon kesyon ki nan lè a souvan konsènan lanmò anba kowonaviris: Eske m ap kouri yon risk kèlkonk si m touche kadav yon moun KOVID19 la touye?

Jan nou di sa deja nan lòt segman kote nou bay konsèy sou fason pou moun konpòte yo pandan peryòd kowonaviris la, KOVID-19 la se yon maladi ki relativman nouvo e jiskaprezan se aprann espesyalis lasante yo ap aprann konprann fason li pwopaje. Yo panes prensipal mannyè li pwopaje se gras ak kontak sere ant 2 ou plizyè moun (sa vle di se lè pa genyen yon distans omwen 6 pye oubyen 2 mèt ant yon moun ki trape viris la avèk lòt moun ki pa malad). Se posib pou viris la pase de moun an moun gras ak ti goutlèt saliv oubyen postiyon ki vole nan lè a e ke moun respire lè yon lòt moun ki gen viris la, menmsi l poko malad, touse oubyen etènye menm jan sa fèt pou maladi grip la. Konsa goutlèt yo antre nan bouch oubyen nan nen moun ki tou pre malad la oubyen moun ki enfekte a epi yo vale l san yo pa konnen pou l al ateri finalman nan poumon yo. Sepandan tip pwopagasyon sa a pa posib si yon malad deja mouri.

XS
SM
MD
LG